Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a.
1 Samyèl 26:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou sa, David te leve pou vini nan plas kote Saül te fè kan an. Epi David te wè plas kote Saül te kouche avèk Abner, fis a Ner a, kòmandan lame li a. Saül te kouche nan mitan won kan an e pèp la te fè kan an antoure li. 1998 Haïtienne David leve, li pati pou kote Sayil te moute kan lame li a. Li gade pozisyon kote Sayil ak kòmandan lame li a, Abnè, pitit gason Nè a, te kouche. Sayil te kouche nan mitan, tout sòlda yo te kouche bò kote l. |
Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a.
Ner te vin papa a Kish, Kish te vin papa a Saül. Saül te vin papa a Jonathan, Malki-Schua, Abinadab ak Eschbaal.
Alò, David te leve bonè nan maten e li te kite bann mouton an avèk yon jeran. Li te pran bagay yo e li te ale jan Jesse te kòmande li a. Epi li te antre nan kote kan an pandan lame a t ap sòti nan lòd batay la e li t ap koute kri gè a.
Alò, lè Saül te wè David ki t ap sòti kont Filisten an, li te di a Abner, kòmandan lame a: “Abner, se fis a kilès jennonm sa a ye?” Epi Abner te di: “Pa lavi ou, O Wa mwen pa konnen.”
Alò, te gen yon mesye nan Benjamin ki te rele Kis ki te fis Abiel la, fis Tseror, fis Becorath, fis Aphiach, ki te fis a yon Benjamit. Se te yon nonm fò e plen kouraj.