Isaac te di fis li a: “Kòman ou reyisi fè sa vit konsa, fis mwen?” Epi li te di: “Paske SENYÈ a, Bondye ou a te fè sa rive m.”
1 Samyèl 21:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen David te di a Achimélec, prèt la: “Wa a te ban m yon komisyon konsènan yon afè e li te di mwen: ‘Pa kite pèsòn konnen anyen sou afè ke m ap voye ou a. Se sou sila mwen ap pase ba ou lòd la; mwen te dirije mesye yo a yon sèten plas.’ 1998 Haïtienne David reponn li: — Wa a voye m regle yon bagay pou li. Li di m pa kite pèsonn konnen sa li voye m fè a. Pou moun ki avè m yo, mwen ba yo randevou yon kote. |
Isaac te di fis li a: “Kòman ou reyisi fè sa vit konsa, fis mwen?” Epi li te di: “Paske SENYÈ a, Bondye ou a te fè sa rive m.”
Li te di li: “Mwen menm se yon pwofèt tankou ou, e yon zanj te pale avèk mwen pa pawòl SENYÈ, e li te di: ‘Mennen li retounen lakay ou avèk ou pou l kab manje pen ak bwè dlo. Men se manti li t ap fè.’”
Men jodi a, li va rete Nob. Li souke ponyèt li vè mòn fi a Sion an, kolin a Jérusalem nan.
Paske avan moun a Jacques yo te vini, li te konn manje avèk pèp etranje yo. Men lè yo te vini, li te kòmanse fè bak pou rete a leka, akoz lakrent pati sikonsizyon an.
Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo,
Konsa, Saül te di a Mical: “Poukisa ou te twonpe m konsa e kite lènmi mwen an ale jiskaske li vin chape?” Mical te reponn Saül: “Li te di mwen, ‘Kite mwen ale! Poukisa mwen ta bezwen mete ou a lanmò?’”
Alò, David te di a Abiathar: “Mwen te konnen nan jou sa a, lè Doëg, Edomit lan, te la, ke li t ap byensi pale ak Saül. Mwen te fè rive lanmò a chak moun lakay papa ou yo.
Alò, Doëg, Edomit lan, ki te kanpe akote sèvitè Saül yo te di: “Mwen te wè fis a Jesse a lè l t ap vini Nob, kote Achimélec, fis a Achithub la.