Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Kwonik 7:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Teritwa pa yo avèk anplasman pa yo te Béthel avèk vil pa li yo ak nan lès Naaran; nan lwès, Guézer avèk vil pa li yo, Sichem avèk vil pa li yo, jis rive Gaza avèk vil pa li yo e Sichem avèk vil pa li yo jis rive nan Ayya avèk vil pa li yo,

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Pòsyon tè yo te ba yo pou yo te rete a se zòn lavil Betèl ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, rive lavil Naaran sou bò solèy leve, lavil Gezè ak tout ti bouk ki sou lòd li yo sou bò solèy kouche, ak zòn lavil Sichèm jouk lavil Aja ak tout ti bouk ki sou lòd li yo.

Gade chapit la



1 Kwonik 7:28
8 Referans Kwoze  

Li te rele plas sa a Béthel, men oparavan non a vil sa a se te Luz.


Men teritwa fis a Éphraïm yo selon fanmi pa yo: lizyè a eritaj pa yo, vè lès se te Atharoth-Addar, pou rive nan Wo Beth-Horon.


Li te vin desann soti nan Janoach a Ataroth, a Naaratha, li te rive nan Jéricho e te sòti nan Jourdain an.


Soti nan Tappuach, lizyè a te kontinye vè lwès nan ti rivyè Kana a e te fè bout li nan lanmè. Sa se te eritaj a tribi fis Éphraïm yo selon fanmi pa yo,


avèk vil ki te mete apa pou fis Éphraïm yo nan mitan eritaj a fis Manassé yo, tout vil yo avèk bouk pa yo.


Menm jan an, lakay Joseph te monte kont Béthel e SENYÈ a te avèk yo.