Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a.
1 Kwonik 6:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, sila yo se sila ke David te chwazi nan sèvis chante lakay SENYÈ a, lè lach la te fin poze la. 1998 Haïtienne Men moun David te mete pou reskonsab tout chante nan Tanp Senyè a lè y'a fin enstale Bwat Kontra a ladan l. |
Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a.
Yo te mennen fè monte lach SENYÈ a, tant asanble a, avèk tout zouti sen ki te nan tant yo. Prèt yo avèk Levit yo te mennen fè yo monte.
Alò, David te bati kay pou li menm nan lavil David. Epi li te prepare yon plas pou lach Bondye a e te monte yon tant pou li.
Konsa David, avèk lansyen Israël yo, avèk kapitèn a dè milye yo, te ale pou pote fè monte lach akò SENYÈ a soti lakay Obed-Édom nan mitan yon gran rejwisans.
Alò, David te abiye avèk yon manto len fen, menm avèk tout Levit ki t ap pote lach la, e chantè yo avèk Kenania, chèf mizik pami chantè yo. Epi David te abiye osi ak yon efòd an len.
Yo te fè ministè avèk chanson yo devan tant tabènak asanble a, jis lè Salomon te fin bati lakay SENYÈ a Jérusalem; epi yo te sèvi nan fonksyon pa yo selon lòd yo.
Alò, sila yo se te chantè yo a Levit yo, ki te rete nan chanm tanp yo, pwiske yo te angaje nan travay pa yo lajounen kon lannwit.
Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la.
Soti deyò jis rive nan pòtay enteryè a, se te chanm pou chantè nan lakou enteryè yo. Youn nan sila yo te akote pòtay nò a, ak fas li vè sid ak youn akote pòtay sid la, ak fas li vè nò.