1 Kwonik 5:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, fis a Gad yo te rete anfas yo nan peyi Basan an jis rive Salca. 1998 Haïtienne Branch fanmi Gad la te rete sou bò nò moun branch fanmi Riben yo, nan peyi Bazan, rive Salka sou bò solèy leve. |
Fis a Gad selon fanmi pa yo: a Tsephon, fanmi a Sefonit yo; a Haggi, fanmi a Agit yo; a Schuni, fanmi a Chounit yo;
epi li te domine sou Mòn Hermon ak Salca avèk tout Basan, jis rive nan lizyè a Gechouryen ak Maakatyen yo, epi mwatye Galaad, pou rive nan lizyè Sihon, wa Hesbon an.
epi Galaad ak teritwa a Gechouryen yo avèk Maakatyen yo, tout Mòn Hermon an ak tout Basan jis rive Salca;