Yo te ale Ophir, yo te pran kat-san-ven talan an lò soti la e yo te pote bay Wa Salomon.
1 Kwonik 29:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen kon swivan: twa mil talan lò nan lò Ophir ak sèt mil talan ajan rafine, pou kouvri mi kay yo; 1998 Haïtienne sanmil (100.000) kilo bon lò ki sòti nan peyi Ofi, ak desantrant (230) kilo bon ajan pou dekore miray Tanp lan, |
Yo te ale Ophir, yo te pran kat-san-ven talan an lò soti la e yo te pote bay Wa Salomon.
Alò, gade byen, avèk gwo lapèn mwen te prepare pou lakay SENYÈ a, san-mil talan lò, yon-milyon talan ajan e bwonz avèk fè ki depase peze, akoz yo tèlman anpil. Anplis, gran twòn bwa avèk wòch ke m te prepare, e ou gen dwa mete sou yo toujou.
Anplis, nan gran lajwa mwen pou lakay Bondye mwen an, trezò pèsonèl ke mwen gen an lò avèk ajan, mwen bay li a lakay Bondye mwen an; anplis de sou sa ke m te founi deja pou sen tanp lan,
lò pou bagay an lò e ajan pou bagay an ajan, sa vle di, pou tout lèv ki fèt pa mèt ouvriye yo. Pou sa, se kilès k ap konsakre li nan jou sa a SENYÈ a?”
chak plato ajan te peze san-trant sik e chak bòl swasann-dis; tout ajan a zouti yo se te de-mil-kat-san (2,400) sik, selon sik sanktyè a;