Konsa, Joseph te ranmase tout manje pandan sèt ane sa yo ki te ekoule nan peyi Égypte la, e li te mete manje yo nan vil yo. Li te mete nan chak vil, menm manje ki te sòti nan chan ki antoure li yo.
1 Kwonik 27:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Azmaveth, fis Adiel la te an chaj depo trezò a wa a. Epi Jonathan, fis a Uzias la, te gen chaj a depo andeyò yo, nan vil yo, nan ti bouk yo ak nan wo fò anlè yo. 1998 Haïtienne Se Azmavèt, pitit gason Adiyèl la, ki te reskonsab trezò wa a. Se Jonatan, pitit Ozyas la, ki te reskonsab tout depo ki te nan jaden, nan lavil, nan ti bouk ak sou fontyè yo. |
Konsa, Joseph te ranmase tout manje pandan sèt ane sa yo ki te ekoule nan peyi Égypte la, e li te mete manje yo nan vil yo. Li te mete nan chak vil, menm manje ki te sòti nan chan ki antoure li yo.
Joab, fis a Tseruja a, te kòmanse fè gwo kontwòl la, men li pa t fini; epi akoz gwo kòlè sa a ki te vin rive sou Israël e fòs kantite a pa t ladann nan chif kontwòl a Wa David la.
Alò, David te rasanble nan Jérusalem tout ofisye Israël yo, chèf a tribi yo, kòmandan a divizyon ki te sèvi wa yo, kòmandan a dè milye yo avèk kòmandan a dè santèn yo, sipèvizè a tout teren avèk bèt ki te apatyen a wa a, avèk fis li yo, avèk ofisye yo ak mesye pwisan yo, menm tout mesye gwo kouraj yo.
Answit chèf lakay zansèt yo, chèf a tribi Israël yo e kòmandan a dè milye e a dè santèn yo, avèk sipèvizè sou travay a wa a, te bay ofrann avèk bòn volonte;
Konsa, Asa te pote fè sòti ajan avèk lò soti nan trezò lakay SENYÈ a avèk lakay wa a, e li te voye yo kote Ben-Hadad, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di:
Li te bati fò nan dezè yo, e li te fouye anpil sitèn, paske li te gen anpil bèt, ni nan ba plèn nan, ni nan gran plèn nan. Anplis, li te genyen labourè chan yo avèk moun pou pran swen chan rezen nan peyi ti kolin yo ak nan chan bon tè yo, paske li te renmen latè anpil.
Konsa, yo te chwazi sipèvizè sou yo pou aji di avèk yo pou fè yo travay pi rèd. Yo te bati pou Farawon vil Pithom avèk Ramsès yo pou konsève sereyal.
Men dis nan mesye ki te pami yo te di a Ismaël: “pa mete nou a lanmò, paske nou gen depo ble, lòj, lwil ansanm ak siwo myèl ki kache nan chan an.” Akoz sa, li te ralanti e pa t mete yo ansanm ak zanmi parèy yo a lanmò.