Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 29:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Answit chèf lakay zansèt yo, chèf a tribi Israël yo e kòmandan a dè milye e a dè santèn yo, avèk sipèvizè sou travay a wa a, te bay ofrann avèk bòn volonte;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Lè sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 29:6
9 Referans Kwoze  

kite prèt yo pran li pou yo menm, yo chak nan men a moun yo konnen. Epi yo va sèvi li pou repare donmaj nan kay la, nenpòt kote yon donmaj ta twouve.”


Alò, Azmaveth, fis Adiel la te an chaj depo trezò a wa a. Epi Jonathan, fis a Uzias la, te gen chaj a depo andeyò yo, nan vil yo, nan ti bouk yo ak nan wo fò anlè yo.


Alò, David te rasanble nan Jérusalem tout ofisye Israël yo, chèf a tribi yo, kòmandan a divizyon ki te sèvi wa yo, kòmandan a dè milye yo avèk kòmandan a dè santèn yo, sipèvizè a tout teren avèk bèt ki te apatyen a wa a, avèk fis li yo, avèk ofisye yo ak mesye pwisan yo, menm tout mesye gwo kouraj yo.


lò pou bagay an lò e ajan pou bagay an ajan, sa vle di, pou tout lèv ki fèt pa mèt ouvriye yo. Pou sa, se kilès k ap konsakre li nan jou sa a SENYÈ a?”


Anplis, ofisye pa li yo te fè kontribisyon a yon ofrann bòn volonte a pèp la, prèt yo avèk Levit yo. Hilkija, Zacharie, avèk Jehiel, chèf lakay Bondye yo, te bay a prèt yo pou Pak la, yon ofrann de-mil-sis-san bèt ki sòti nan bann mouton yo, avèk twa-san towo.


avèk tout ajan ak lò ke ou jwenn nan tout pwovens Babylone yo, ansanm avèk ofrann bòn volonte a pèp la ak prèt yo, ki te ofri avèk bòn volonte pou lakay Bondye pa yo a ki Jérusalem nan.


Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite