1 Kwonik 26:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou Jitsearit yo, Kenania avèk frè pa li yo, yo te anplwaye pou zafè andeyò kon majistra ak jij an Israël. 1998 Haïtienne Nan branch fanmi Jizeya a, te gen Kenanya ak pitit gason l yo ki te reskonsab travay ki fèt an deyò Tanp lan pou pèp Izrayèl la. Se yo ki te kenbe tout papye konsekan yo, epi ki te rann jijman nan tribinal. |
Nan sila yo, venn-kat-mil te pou sipèvize lèv lakay SENYÈ a, si-mil te ofisye avèk jij,
Epi tout sa ke Samuel, konseye a, te dedye e Saül, fis a Kis la, pa Abner, fis a Ner a, pa Joab, fis a Tseruja a, tout moun ki te dedye bagay anba jerans a Schelomith lan avèk fanmi pa li.
Senkyèm nan pou senkyèm mwa a te kòmandan Schamehuth, Jizrachit la; epi te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.
Anplis, yo te sou sila ki t ap pote chaj yo, e yo te sipèvize tout ouvriye soti de yon tach a yon lòt. Pami Levit yo te gen skrib, ofisye ak sipèvizè.
Schabbethaï avèk Jozabad soti nan dirijan Levit yo, ki te sipèvize travay deyò nan lakou lakay Bondye a;
Nan Kehath, te sòti fanmi a Amramit yo, fanmi Jitseharit yo, fanmi Ebwonit yo avèk fanmi Izyelit yo. Sila yo se te fanmi a Kehath yo.
“Si yon ka twò difisil pou nou deside, pa egzanp, a nivo touye moun, oswa yon lòt nivo, oswa yon kalite pwosè ak yon lòt, oswa antre blese moun ak yon lòt; alò, nou va mennen yo kote SENYÈ Bondye nou an, chwazi a.
“Konsa, nou va rive kote prèt Levit la ki se chèf la nan jou sa yo, nou va mande yo, e yo va deklare jijman sou ka a.