1 Kwonik 26:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Tiraj osò ki tonbe pou lès la te devni pou Schélémia. Alò, yo te tire osò pou fis li a, Zacharie, yon konseye avèk bon konprann e tiraj osò li a te sòti nan nò. 1998 Haïtienne Chelemya sòti pou pòtay ki bay sou solèy leve a. Pòtay nò a sòti pou Zakari, pitit gason l lan, ki te konn bay moun bon konsèy. |
Koré, fis a Jimna a, Levit la, gadyen pòtay lès la, te chèf sou ofrann bòn volonte a Bondye yo, pou fè distribisyon don pou SENYÈ a avèk bagay ki sen pase tout lòt bagay yo.
Akoz sa, mwen te voye pou chèf yo Éliézer, Ariel, Schemaeja, Elnathan, Jarib, Elnathan, Nathan, Zacharie ak Meschullam e pwofesè yo, Jojarib avèk Einathan.