Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Kwonik 20:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lè li te voye defi bay Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te touye li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Li t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l.

Gade chapit la



1 Kwonik 20:7
9 Referans Kwoze  

Jesse te fè Éliab, fis premye ne a, Abinadab, dezyèm nan, Schimea, twazyèm nan,


Ankò, te gen lagè avèk Gath kote te gen yon nonm gran wotè ki te genyen venn-kat dwèt ak zòtèy, sis avèk sis e li menm, osi, te yon desandan a jeyan yo.


Mesye sila yo te jeyan Gath yo e yo te tonbe pa lamen David, ak lamen sèvitè li yo.


Anplis, Jonathan, tonton David la, te yon konseye, yon nonm ak bon konprann e yon skrib; epi Jehiel, fis a Hacmoni an, te pwofesè a fis Wa yo.


Se kilès ou te meprize e blasfeme? Kont kilès ou te leve vwa ou, e kont kilès ou te leve zye ou ak ògèy la? Kont Sila Ki Sen an Israël la!


Pwochènman, Jesse te fè Schamma vin pase. Epi li te di: “SENYÈ a pa t chwazi sila a nonpli.”


Ankò, Filisten an te di: “Mwen defye tout ranje lame Israël la nan jou sila a! Ban m yon nonm pou nou kab goumen ansanm!”


Epi David te pale a mesye ki te kanpe akote li yo e te di: “Kisa k ap fèt pou moun ki touye Filisten sila a e ki retire wont lan soti sou Israël? Paske se ki moun Filisten ensikonsi sila a ye pou l ta ensilte lame a Bondye vivan an?”


Sèvitè ou an gen tan touye ni lyon ni lous. Epi Filisten ensikonsi sila a va tankou youn nan yo, akoz li te meprize lame Bondye vivan an.”