Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Kwonik 2:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Men Gechouryen yo avèk Siryen yo te rache vil Jaïr yo nan men yo avèk Kenath ak vil pa li yo, menm swasant vil. Tout sila yo se te fis a Makir yo, papa a Galaad.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men moun Gèchou ak moun Aram yo te pran nan men l zòn Jayi a ak lavil Kenat ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinay li yo. Sa te fè antou swasant bouk. Tout moun ki te rete nan zòn lan te fanmi Maki, papa Galarad.

Gade chapit la



1 Kwonik 2:23
9 Referans Kwoze  

Joseph te wè twazyèm jenerasyon nan fis Ephraim yo, e anplis, fis a Makir yo, fis a Manassé a te fèt sou jenou a Joseph.


Konsa, Absalom te sove ale nan Gueschur e te rete la, pandan twazan.


Ben-Guéber nan Ramoth-Galaad (vil a Jaïr yo, fis a Manassé, ki Galaad la te pou li: nan zòn Argob, ki Basan an, swasant gran vil avèk mi yo fè an bwonz te pou li);


Segub te fè Jaïr, ki te gen venn-twa vil nan peyi Galaad.


Lè Hetsron te fin mouri nan Caleb-Éphrata, Abija, fanm Hetsron an, te fè pou li, Aschchur, papa a Tekoa.


Jaïr, fis a Manassé a te pran tout rejyon Argob la jis rive nan lizyè Gechiyen yo ak Maakatyen yo, e yo te rele li Basan, selon pwòp non pa li, Havvoth-Jaïr, e se konsa li rele jis jodi a.)


Men fis Israël yo pa t deplase Gechouryen yo ak Maakatyen yo; paske Gueschur avèk Maacath rete pami Israël yo jis jodi a.


Teritwa pa yo te soti nan Mahanaïm, tout Basan, tout wayòm ki pou Og la, wa Basan an ak tout a vil a Jaïr yo ki nan Basan, swasant vil antou.