Alò, Absalom te sove ale deja. Epi jennonm ki te gadyen an te leve zye li gade e vwala, anpil moun t ap vini soti nan wout la dèyè li akote baz mòn nan.
Fanm nan te di: “Alò, poukisa ou te fè yon move plan konsa kont pèp Bondye a? Paske nan pale pawòl sila a, se wa a ki koupab, kòmsi wa a pa mennen retounen sila li te ekzile a.
Absalom te reponn Joab: “Gade, mwen te voye dèyè ou, e mwen te di: ‘Vin isit la pou m kab voye ou kote wa a pou mande l: “Poukisa mwen te kite Gueschur? Li ta pi bon pou mwen si m te toujou la.”’ Pou sa, kite mwen wè figi a wa a, e si gen inikite nan mwen, kite li mete m a lanmò.”
Paske sèvitè ou a te fè yon ve pandan mwen t ap viv Gueschur Aram, e li te di: ‘Si SENYÈ a va vrèman mennen mwen retounen Jérusalem; alò, mwen va sèvi SENYÈ a’”.