Alò Jacob te di a Siméon avèk Lévi: “Nou vin pote pwoblèm pou mwen akoz ke nou fè m vin rayi pa abitan peyi yo, pami Kananeyen avèk Ferezyen yo. Epi akoz ke gason nou yo pa anpil, yo va rasanble kont mwen, pou atake mwen, e mwen va vin detwi, mwen menm avèk tout lakay mwen.”
Men Li pa t ba li yon eritaj ladann, ni menm yon moso tè, men menm lè li pa t gen pitit, Li te pwomèt li ke Li ta ba li sa kòm yon posesyon, e a desandan aprè li yo.
Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a.