Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ebre 11:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Tout moun sa yo mouri ak konfyans pou Bondye nan kè yo. Yo pat gentan resevwa benediksyon Bondye te pwomèt yo, men yo wè benediksyon yo byen lwen, yo salwe yo delwen. Yo tout te deklare se etranje depasaj sou latè yo ye, tankou moun yo depòte.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Tout gwo zotobre nou sot site la yo, yo te viv pa lafwa jouktan yo mouri. Gen ladan yo ki pa t gentan jwi sa Bondye te pwomèt pèp li a. Men yo te kontan menm lè yo t ap admire pwomès sa yo de lwen. Yo te rekonèt se etranje ak vwayajè yo ye sou latè.

Gade chapit la Kopi




Ebre 11:13
36 Referans Kwoze  

Pa lafwa, li te kite Égypte, san krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la.


Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e prete zòrèy Ou a kri mwen. Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m. Paske mwen se yon etranje devan Ou, yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.


“Mwen menm se yon etranje k ap demere pami nou. Ban mwen yon kote pou antèman pami nou pou m kapab antere mò a kote mwen p ap wè li.”


“Papa zansèt nou, Abraham te rejwi pou wè jou sa a, e Li te wè l, e te ranpli avèk jwa.”


Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo pa t resevwa sa ki te pwomèt la.


Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a,


Paske nou te sove nan espwa, men espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja?


Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan.


Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.


Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive.


Men pou mwen, mwen konnen ke Redanmtè mwen an vivan. Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.


Paske delivrans ou m ap tann, o SENYÈ.


Konsa, Jacob te di a Farawon: “Lane lavi m yo sou latè se san-trant. Pa anpil, e degoutan se te ane lavi m yo. Ni yo pa menm fòs avèk lane ke zansèt mwen yo te viv pandan jou lavi pa yo.”


Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin ranmase vè pèp li.


Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:


Anverite, Mwen di nou ke anpil pwofèt ak moun ladwati te vle wè sa ke nou menm wè a, men yo pa t janm wè; e pou tande sa ke nou tande a, men yo pa t tande l.


Lè li te fin chaje fis li yo, li te rale pye li anndan kabann nan, li te respire dènye souf li, e li te vin ranmase vè moun li yo.


Mwen se yon etranje sou latè. Pa kache kòmandman Ou yo de mwen.


Mwen wè li, men pa koulye a. Mwen gade l, men pa toupre. Yon zetwal va sòti nan Jacob. Yon baton a wa va leve sòti an Israël. Li va kraze travèse fwon Moab la, e li va dechire tout fis a Seth yo.


Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda, ni bwa règleman p ap janm antre pye li jis lè Schilo vini, e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.


Bagay sa yo, Ésaïe te di paske li te wè glwa Li, e akoz ke li te wè glwa Li, li te pale sou Li.


Joseph te di frè li yo: “Mwen prèt pou mouri men Bondye va asireman pran swen nou, e Li va fè nou sòti nan peyi sa a vè peyi ke li te pwomèt nan sèman li a Abraham, Isaac, ak Jacob la.”


Tout sa yo se douz tribi Israël yo, e se sa ke papa yo te di yo lè li te beni yo. Li te beni yo, yo chak avèk yon benediksyon ke yo te merite.


Konsa, Israël te di a Joseph: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, men Bondye va avèk ou, e Li va mennen ou retounen nan peyi a zansèt ou yo.


Konsa, li te bay nesans a yon fis e li te nonmen li Guerschom, paske li te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”


“Tè a, anplis, pa pou vann nèt, paske tè a se pa M; paske nou se sèlman etranje k ap demere avè M.


pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.


Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a,


Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo.


Pa lafwa Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a.


Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila ki chwazi davans yo,


Epi Abraham te demere nan peyi Filistyen yo pandan anpil jou.


Men li te di li: “Mwen p ap vini, men olye de sa, m ap ale nan peyi pa m avèk fanmi pa mwen yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite