1 Kwonik 13:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, David te fè konsèy ansanm avèk kapitèn a dè milye a dè santèn, menm avèk chak chèf. 1998 Haïtienne David reyini tout chèf lame a, ni sa ki te alatèt rejiman mil (1.000) sòlda yo ni sa ki te alatèt divizyon san sòlda yo, li pran konsèy nan men yo. |
Sila yo se fis a Gad ki te kapitèn lame a; sila ki te pi piti a te egal a yon santèn moun e pifò a, a yon milye.
Lè l te ale Tsiklag, men moun Manassé ki te parèt yo: Adnach, Jozabad, Jediaël, Micaël, Jozabad, Élihu ak Tsilthaï, chèf a dè milye nan Manassé yo.
Nan fis a Issacar yo, mesye ki te konprann tan yo, avèk konesans a sa ke Israël ta dwe fè, chèf pa yo te de-san; epi tout fanmi yo te sou kòmann pa yo.
Anplis, sila ki te toupre yo, menm rive lwen tankou Issacar, Zabulon ak Nephthali, yo te pote manje sou bourik yo, chamo yo, milèt yo, avèk bèf yo, gran kantite a gato farin, gato fig etranje, anpil rezen, diven, lwil, bèf avèk mouton. Vrèman, te gen lajwa an Israël.
David te di a tout asanble Israël la: “Si li sanble bon a nou menm e si li soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, annou voye toupatou mesaje a fanmi pa nou ki rete nan peyi Israël yo e osi, a prèt avèk Levit ki avèk yo nan vil pa yo, avèk teren pa yo, pou yo kapab reyini ansanm avèk nou.
Salomon te pale a tout Israël, a kòmandan a dè milye yo e dè santèn yo, a jij yo e tout moun nan sila ki t ap dirije nan tout Israël yo, chèf lakay zansèt pa yo.
Konsa, Wa Ézéchias te leve bonè. Li te rasanble chèf lavil yo, e te monte vè lakay SENYÈ a.
Imedyatman, sila ki te resevwa senk talan yo te fè afè avèk yo, e te ranmase yon lòt senk talan anplis.