Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 12:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Nan fis a Issacar yo, mesye ki te konprann tan yo, avèk konesans a sa ke Israël ta dwe fè, chèf pa yo te de-san; epi tout fanmi yo te sou kòmann pa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Nan branch fanmi Isaka a, moun ki te fò nan konnen sa pou pèp Izrayèl la fè ak lè pou yo fè l, desan (200) chèf ansanm ak tout gason nan branch fanmi an ki te sou kòmandman yo.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 12:32
15 Referans Kwoze  

Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye.


Alò, wa a te mande a mesye saj ki te konprann tan yo—paske se te koutim a wa a pou pale devan tout sila ki te konprann lalwa a avèk jistis;


Se Li k ap fè tan pa nou estab, richès a delivrans, sajès ak konesans. Lakrent SENYÈ a se trezò ou.


Epi nan maten, ‘pral gen yon tanpèt jodi a, paske syèl la wouj e menasan.’ Ipokrit! Nou konn kalkile aparans syèl la, men nou pa konn disène sign nan tan sila yo?


Sajès ranfòse yon nonm saj plis pase dis gwo chèf ki nan yon vil.


Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.


Yon nonm saj byen fò, e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.


Issacar se yon bourik gwo fòs k ap kouche ba nan mitan makout bèt.


Vwa SENYÈ a va rele vè vil la, e sajès, li menm, fè lakrent non Ou. “Koute baton an, ak Sila ki te deziye l.


Sajès pi bon ke zam lagè; men yon sèl pechè detwi anpil ki bon.


Nan mwatye tribi Manassé a, diz-ui-mil ki te enskri pa non pou vin fè David wa.


Tankou premye ne a bèf li, lonè pou li. Kòn li yo se kòn a bèf mawon. Avèk yo, li va bourade pèp yo, jis a sila a ki nan pwent latè yo. Sila yo se di-mil a Ephraïm yo. Yo se milye yo a Manassé.”


Avèk yo pa jenerasyon pa yo selon lakay zansèt pa yo, te trann-si-mil sòlda nan lame pou fè lagè, paske yo te gen anpil madanm avèk fis.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite