Konsa, Joab, fis a Tseruja a avèk sèvitè a David yo te sòti pou rankontre yo akote sous Gabaon an. Yo te chita konsa, youn nan yon bò sous la e lòt la nan lòtbò sous la.
1 Kwonik 11:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, David te pale avan: “Nenpòt moun ki touye yon Jebizyen avan, se li k ap chèf e kòmandan.” Se te Joab, fis a Tseruja a ki te monte avan; konsa li te devni chèf. 1998 Haïtienne David pou tèt pa l te di premye moun ki va atake moun Jebis yo, l'ap mete l chèf, moun sa a ap grannèg nan gouvènman l lan. Joab, pitit gason Sewouya a, te premye moun ki atake. Se konsa li vin chèf. |
Konsa, Joab, fis a Tseruja a avèk sèvitè a David yo te sòti pou rankontre yo akote sous Gabaon an. Yo te chita konsa, youn nan yon bò sous la e lòt la nan lòtbò sous la.
Alò, twa fis a Tseruja yo te la, Joab avèk Abschaï avèk Asaël te vit sou pye yo tankou yon gazèl mawon nan chan.
Alò, Joab te sou tèt tout lame Israël la e Benaja, fis a Jehojada a te sou Keretyen yo avèk Peletyen yo;
Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a.
Li te fè tèt a tèt ansanm avèk Joab, fis a Tseruja a, avèk Abiathar, prèt la; epi yo te swiv Adonija pou te ede li.
Pèp Jébus la te di a David: “Ou p ap antre isit la.” Malgre sa, David te kaptire fò a Sion an (sa vle di, vil David la).
Joab, fis a Tseruja a, te kòmandan lame a, e Josaphat, fis a Achilud la, te achivist la;
Jehojada, fis a Benaja a avèk Abiathar te ranplase Achitophel; epi Joab te kòmandan lame wa a.
Mesye Israël yo te di: “Èske ou te wè nonm sa a ki ap vin monte a? Anverite, li ap vin monte pou jete defi devan Israël. Epi li va rive ke wa a va fè moun ki touye li a rich avèk gran richès. Epi li va ba li fi li, e li va fè lakay papa li lib an Israël.”