Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 2:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Konsa, Joab, fis a Tseruja a avèk sèvitè a David yo te sòti pou rankontre yo akote sous Gabaon an. Yo te chita konsa, youn nan yon bò sous la e lòt la nan lòtbò sous la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Joab menm, pitit gason Sewouya a, leve ansanm ak sòlda David yo, yo kite lavil Ebwon, yo pati tou. Yo kontre ak moun Abnè yo bò rezèvwa Gabawon an. De lame yo pran pozisyon, yonn chak bò rezèvwa a.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 2:13
13 Referans Kwoze  

Sè pa yo se te: Tseruja avèk Abigaïl. Epi twa fis a Tserula yo: Abischaï, Joab avèk Asaël, twa.


Joab, fis Tseruja a te sou lame a e Josaphat, fis a Achilud la te grefye a.


Pou sa, yo te pran tout mesye yo pou te ale goumen ak Ismaël, fis a Nethania. Yo te rankontre li akote gwo basen ki Gabaon an.


Alò, David te pale avan: “Nenpòt moun ki touye yon Jebizyen avan, se li k ap chèf e kòmandan.” Se te Joab, fis a Tseruja a ki te monte avan; konsa li te devni chèf.


Li te fè tèt a tèt ansanm avèk Joab, fis a Tseruja a, avèk Abiathar, prèt la; epi yo te swiv Adonija pou te ede li.


Alò, Joab te sou tèt tout lame Israël la e Benaja, fis a Jehojada a te sou Keretyen yo avèk Peletyen yo;


Alò, twa fis a Tseruja yo te la, Joab avèk Abschaï avèk Asaël te vit sou pye yo tankou yon gazèl mawon nan chan.


Lè yo te la nan gwo wòch ki Gabaon an, Amasa te vin rankontre yo. Alò Joab te abiye an vètman militè e sou li, te gen yon sentiwon avèk yon nepe nan fouwo li ki te tache nan senti li; epi pandan li t ap avanse, nepe a te vin tonbe parèt.


“Alò, ou konnen tou, sa ke Joab, fis a Tseruja a te fè m, sa ke li te fè a de chèf lame Israël yo, a Abner, fis a Ner a ak Amasa, fis a Jéther a, ke li te touye. Anplis li te vèse san lagè nan tan lapè. Epi li te mete san lagè nan sentiwon senti li ak sou sandal nan pye li.


Konsa, David te di a Achimélec, Etyen an ak Abischaï, fis a Tseruja a, frè a Joab, e li te di: “Se kilès k ap desann avè m kote Saül nan kan an?” Abischaï te di: “M ap desann avè w.”


Asaël, frè a Joab la te pami trant yo; Elchanan, fis a Dodo a Bethléhem,


Katriyèm nan pou katriyèm mwa a te Asaël, frè a Joab la e apre li, Zebadia, fis li a; epi li te gen yon divizyon a venn-kat-mil òm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite