Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




1 Kwonik 10:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Nan denmen, apre batay la, moun Filisti yo tounen vin pran tou sa ki sou sòlda ki mouri yo. Yo jwenn kadav Sayil ak kadav pitit gason li yo blayi frèt atè sou mòn Gilbowa a.

Gade chapit la



1 Kwonik 10:8
6 Referans Kwoze  

Konsa, yo te di: “Sa se san. Asireman, wa yo te goumen ansanm e youn te touye lòt. Pou sa, Moab, antre pran piyaj la!”


Lè tout mesye Israël ki te nan vale yo, te wè ke yo te sove ale, e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te sove ale kite vil yo. Epi Filisten yo te vin rete ladan yo.


Konsa, yo te depouye li e te pran tèt li avèk zam avèk boukliye li yo e te voye mesaje antoure tout peyi Filisten yo pou pote bòn nouvèl la rive nan zidòl pa yo avèk pèp la.


Lè Josaphat avèk pèp li a te vini pran piyaj la, yo te twouve anpil bagay pami yo; byen, vètman ak bagay valab ke yo te pran pou yo menm, plis pase yo ta kab pote. Yo te pran twa jou pou ranmase piyaj la, paske li te tèlman anpil.


Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk twa fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa.


Filisten yo te pran lach Bondye a, yo te mennen li lakay Dagon e yo te poze li akote Dagon.