Mwen te di li: “Ou va rete avè m pandan anpil jou. Ou p ap fè pwostitisyon, ni ou p ap madanm a yon gason. Epi konsa, mwen va menm jan anvè ou menm.”
1 Korent 7:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 1998 Haïtienne Madanm lan pa ka fè sa l vle ak kò li. Se pou mari a kò madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fè sa l vle ak kò li. Se pou madanm lan kò mari a ye. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Madanm lan pa ka fè sa l vle ak kò li. Kò madanm nan se pou mari l li ye. Menm jan an tou, yon mari pa ka fè sa l vle ak kò li. Kò mari a se pou madanm li. |
Mwen te di li: “Ou va rete avè m pandan anpil jou. Ou p ap fè pwostitisyon, ni ou p ap madanm a yon gason. Epi konsa, mwen va menm jan anvè ou menm.”
Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”
Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li.
Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.