Alò, si se pa konsa li ye, se kilès ki kab fè prèv ke m bay manti, oswa anile pawòl mwen yo?”
1 Jan 5:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan gen temwen nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye te fè L yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwen ke Bondye pote konsènan Fis Li. 1998 Haïtienne Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pat kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Moun ki kwè nan Pitit Bondye a genyen temwayaj la nan li menm menm. Moun ki pa kwè Bondye fè l tounen yon moun k ap bay manti paske li pa kwè nan temwayaj Bondye rann pou Pitit li a. |
Alò, si se pa konsa li ye, se kilès ki kab fè prèv ke m bay manti, oswa anile pawòl mwen yo?”
Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a; men SENYÈ a vin toupre a sila yo ki dwat yo.
Poukisa, doulè mwen an rete tout tan, eblese mwen an reste san gerizon? Èske Ou menm, anverite, va devni pou mwen kon yon sous twonpe, ak dlo sou sila yo pa ka depann?
Bondye se pa yon nonm ke li ye pou L ta bay manti, ni fis a yon nonm pou L ta repanti. Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vrè?
“Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.
“Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.”
Men mwen di nou, toutotan ke eritye a se yon timoun, li pa distenge ditou de yon esklav, malgre ke li se mèt a tout bagay,
Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!”
Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an.
Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e zetwal granmmaten an leve nan kè nou.
Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.
Donk, dragon a te vin anraje avèk fanm nan. Konsa, li te ale pou fè lagè avèk rès pitit li yo ki kenbe kòmandman Bondye yo, e ki kenbe temwayaj a Jésus a.
“Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, a li menm, Mwen va bay kèk nan lamàn kache a, e Mwen va ba li yon wòch blan avèk yon non tounèf ki ekri sou wòch la ke pèsòn p ap konnen, sinon sila ki resevwa l la.