1 Jan 2:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache. 1998 Haïtienne Lè yon moun di li fè yonn ak Bondye, se pou l viv tankou Jezi te viv la. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Si nou di n ap viv nan Bondye, nou dwe viv jan Jezi te viv. |
Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou.
Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan amou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan amou pa Li a.
Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,
Epi koulye a, ti moun yo, reste nan Li, jis pou lè L vin parèt, nou kapab gen konfyans epi pa vin piti ak wont lè Li vini.
Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li.
Sila a ki kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.
Okenn moun ki rete nan Li pa peche, men okenn ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
Se konsa, lamou vin pèfekte avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.