Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 9:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Apre sa, Sòl leve kanpe. Li louvri je l, men l pa wè. Konsa, mesye yo pran men li yo mennen l antre nan vil Damas.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Sòl leve atè a, li louvri je l men li pat kapab wè anyen. Yo pran men l, yo mennen l lavil Damas.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Saul te leve atè a, e malgre zye li te louvri, li pa t kab wè anyen. Yo te mennen li pa lamen, e te fè l rive Damas.

参见章节 复制




Travay 9:8
10 交叉引用  

Kounye a, Bondye pral frape w. Ou ap avèg. Ou p ap wè limyè solèy la pandan kèk tan. Menm lè a, Elimas vin avèg. Tout bagay vin tou nwa devan je l. Li t ap vire kò l adwat agoch, ap chache yon moun ki pou kenbe men l, pou kondui l.”


M pa t ka wè anyen, paske gwo limyè a te rann mwen avèg. Se moun ki te avè m yo ki pran men m, yo kondui m antre nan vil Damas la.


Menm kote a, yon bagay soti nan je Sòl tankou yon kal pwason, epi Sòl wè ankò. Apre sa, Sòl leve epi li fè yo batize li.


Sòl fè twa jou avèg epi li pa ni manje ni bwè anyen ditou.


Lè m te Damas, gouvènè ki te reprezante wa Aretas la te mete gad nan pòtay vil la pou arete m.


Ni mwen pa t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te wè moun ki te apot anvan m yo. Olye m te fè sa, mwen t al yon kote ki rele Arabi, epi pita mwen te retounen nan lavil Damas.


跟着我们:

广告


广告