Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 9:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Pandan Sòl te sou wout la, li te prèske rive Damas, lè yon gwo limyè soti nan syèl la flache Sòl.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Antan li sou wout la, toupre Damas, li rete konsa, yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote li te ye a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pandan li t ap fè wout la, li rive ke li t ap pwoche Damas, epi sibitman, yon gran limyè ki sòti nan syèl la te klere tout ozanviwon li.

参见章节 复制




Travay 9:3
10 交叉引用  

Men, te gen yon bagay ki te rive m sou wout pandan m t apral Damas la. Sanzatann konsa, bò midi, yon gwo limyè sot nan syèl la, li klere m toutotou.


Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou Sòl, epi li di: “Sòl, frè mwen, Senyè a voye m pou ou kapab wè ankò epi pou ou ka ranpli ak Sentespri a. M ap pale de Jezikris, sila a ki te parèt devan w sou wout ou te pran pou mennen w isit la.”


Men, Banabas limenm, li te aksepte Sòl epi li mennen l bay apot yo. Banabas rakonte yo kijan Sòl te wè Senyè a sou wout Damas la epi kijan Senyè a te pale ak Sòl. Anplis, li di yo kijan Sòl te preche Bòn Nouvèl Kris la nan lavil Damas avèk anpil konviksyon.


Finalman, li te parèt devan m tou. Mwen diferan, paske mwen tankou yon bebe ki fèt anvan lè.


Kòm nou byen konnen deja, mwen lib pou m fè sa m vle, pa vre? Mwen se yon apot. Mwen wè Jezi Senyè nou an ak de je m. Nou se fwi travay mwen nan Senyè a.


Se li sèl ki p ap janm mouri. Li rete nan yon limyè kote pèsòn pa kapab pwoche. Pèsòn pa janm wè l, pèsòn p ap janm wè l. Lonè, ak puisans se pou li pou tout tant! Amèn.


Vil la pa bezwen solèy la oubyen lalin nan pou klere l. Glwa Bondye se limyè ki klere l, Ti Mouton an se lanp vil la.


P ap gen lannuit ankò. Moun p ap bezwen limyè lanp ankò, ni limyè solèy. Paske se Bondye, Senyè a k ap klere yo. Yo va dirije tankou wa pou tout tan.


跟着我们:

广告


广告