Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 9:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Apre yon bon ti tan, kèk Jwif t ap fè plan pou touye Sòl.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Kèk jou apre sa, jwif yo fè konplo pou yo touye li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Lè anpil jou te fin pase, Jwif yo te fè konplo ansanm pou yo ta touye li,

参见章节 复制




Travay 9:23
14 交叉引用  

Men, Jwif yo menm te monte tèt yon ekip gwo medam lavil la ki te konvèti nan relijyon yo a, ansanm ak lidè yo pou soulve yo kont Pòl ak Banabas. Yo tout te tonbe pèsekite Pòl ak Banabas epi yo chase yo mete deyò nan vil la.


Apre sa, yon ekip Jwif vin rive soti Antyòch nan Pisidi ak Ikonyòm. Yo pran tèt pèp la pou fè yo leve kont Pòl. Konsa, moun yo kalonnen Pòl ak kout wòch epi yo trennen l mete deyò lavil la. Yo panse l te gentan mouri.


Men, te gen nan Jwif yo ki pa t kwè. Yo monte tèt moun lòt nasyon yo pou fè yo fache epi pou yo ka leve kont kwayan yo.


De mesye sa yo ki gentan livre lavi yo pou yo sèvi Jezikris, Senyè nou an.


Apre l te fin pase twa mwa nan peyi Lagrès, Pòl te gentan pare pou l pran batiman pou l al nan peyi Siri. Men, lè l vin konnen te gen kèk Jwif ki t ap planifye yon konplo kont li, Pòl chanje plan an, li retounen pase pa Masedwàn.


Nan demen maten, kèk nan Jwif yo monte yon konplo pou yo touye Pòl. Yo te menm fè yon ve devan Bondye yo pa t ap ni manje ni bwè anyen jouktan yo touye Pòl.


Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.”


Men, Sòl te vin pi maton toujou nan demontre Jezi se Mesi a, pa mwayen detay li t ap bay yo. Agiman Sòl yo te tèlman fò, Jwif ki te nan Damas yo te oblije bat ba devan l.


Poutèt mwen vwayaje anpil, mwen rankontre danje nan larivyè k ap desann, danje nan mitan bandi, danje nan men pwòp konpatriyòt mwen, danje nan men moun ki pa Juif. Mwen te an danje nan vil yo tankou nan zòn rekile yo, tankou sou lanmè. Mwen te an danje nan mitan fo frè yo.


跟着我们:

广告


广告