Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 9:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Te gen yon disip nan vil Damas ki te rele Ananyas. Senyè a pale ak Ananyas nan yon vizyon, li di l: “Ananyas!” Ananyas reponn: “Men mwen, Senyè.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Nan lavil Damas te gen yon disip ki te rele Ananyas. Senyè a parèt devan l nan yon vizyon, li rele li: — Ananyas. Ananyas reponn: — Men mwen, Senyè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Alò, te gen yon disip nan Damas ke yo te rele Ananias. Senyè a te di l nan yon vizyon: “Ananias!” Li te reponn: “Men mwen, Senyè.”

参见章节 复制




Travay 9:10
23 交叉引用  

Yon apremidi, li te bò twazè konsa, Kònèy fè yon vizyon. Jeklè konsa, li wè yon anj Bondye vin bò kote l epi anj lan di l: “Kònèy!”


“Se nan lavil Jope mwen te ye, epi pandan m t ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t ap desann vin jwenn mwen. Li te tankou yon gwo dra mare nan kat pwent ki t ap glise desann sot nan syèl la. Bagay la rive toupre m.


Zanj lan soti kite prizon an, Pyè menm ap swiv li. Pyè pa t rann li kont si sa anj lan t ap fè a te reyèl. Li te panse li te nan yon vizyon.


Tousuit apre Pòl fin fè vizyon an, nou prepare vwayaj nou, epi n ale nan peyi Masedwàn. Nou sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay moun yo nan rejyon sa a.


Nan mitan lannuit lan, Pòl fè yon vizyon. Li wè yon mesye, moun peyi Masedwàn kanpe devan li, epi mesye a di l: “Tanpri, vin nan peyi Masedwàn, vin pote nou sekou!”


Pòl te fè yon vizyon, nan mitan lannuit. Li wè Senyè a ki di li: “Ou pa bezwen pè! Ou mèt kontinye pale ak pèp la.


Bondye di: Nan dènye tan yo, men sa k pral rive: M ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo pral pwofetize. Jenn gason nou yo va fè vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv.


Yon nonm yo te rele Ananyas te vin kote m. Ananyas sa a, se te yon moun ki te konsakre l bay Bondye epi li t ap swiv lalwa Moyiz la san fot. Sa te fè tout Jwif ki te rete nan zòn nan te bay bon temwanyaj pou li.


Pandan l ap priye a, li wè yon nonm nan yon vizyon ki rele Ananyas. Nonm nan antre, li mete men l yo sou li epi li wè ankò.”


Sòl fè twa jou avèg epi li pa ni manje ni bwè anyen ditou.


Lè m te Damas, gouvènè ki te reprezante wa Aretas la te mete gad nan pòtay vil la pou arete m.


Ni mwen pa t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te wè moun ki te apot anvan m yo. Olye m te fè sa, mwen t al yon kote ki rele Arabi, epi pita mwen te retounen nan lavil Damas.


跟着我们:

广告


广告