Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 8:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Te gen yon nonm nan vil Samari yo te rele Simon. Se Simon sa a ki te sèl kòk chante, anvan Filip te vin nan zòn nan. Li te konn ap fè anpil maji ki te konn fè moun Samari yo sezi. Li te menm konn ap bat lestomak li pou di li se yon moun ki pa kanmarad lòt moun.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Nan lavil sa a, te gen yon nonm yo rele Simon. Metye li se te majisyen. Simon sa a te konn ap fè moun Samari rete bouch be ak mèvèy li t'ap fè. Konsa li te fè tèt li pase pou yon nèg enpòtan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.

参见章节 复制




Travay 8:9
20 交叉引用  

Nenpòt moun k ap anseye pwòp panse pa l, l ap chache glwa pou pwòp tèt li. Men yon moun k ap chache glwa pou moun ki voye li, yo kapab kwè l. Yon moun ki aji kon sa p ap nan manti.


Banabas ak Sòl te travèse tout zile a nèt jouk rive Pafòs. Rive yo rive Pafòs, yo rakontre yon majisyen yo te rele Bajezi. Bajezi sa a se te yon Jwif ki te vle fè tèt li pase pou yon pwofèt.


Men, majisyen an, Elimas (paske se non sa a li te genyen nan lang Grèk la), t ap kenbe tèt avèk yo. Li t ap chache detounen gouvènè a pou l pa t mete konfyans li nan Kris la.


Nou sonje, pa twò lontan, yon nonm ki te rele Tedas ki te parèt ap pran pòz li se kichòy. Te gen katsan (400) moun ki te met tèt ansanm ak li. Men Tedas mouri epi gwoup la gaye. Mouvman an tou mouri mouri l tou.


Simon te tèlman gen lontan depi l ap fè maji devan je pèp la, yo te sezi wè sa l t ap fè yo epi yo te vin fanatik li.


Malfèktè sa a ap leve kanpe pou mete tèt li pi wo pase tout sa moun adore oubyen panse yo dwe adore. Li gen pou l menm antre nan tanp Bondye a, l ap chita sou twòn nan epi l ap pwoklame li se Bondye.


Lèzòm ap vin egoyis, zanmi lajan. Yo pral vante tèt yo, y ap ògeye epi yo pral ensilte Bondye. Yo p ap obeyi paran yo ankò, yo p ap kapab remèsye moun ankò. Y ap vin drese yo kont tou bagay ki fè Bondye plezi yo.


Y ap fè kòmsi se Bondye y ap adore, men anreyalite, y ap refize puisans ki pou ede yo adore Bondye epi fè l plezi vrèman. Moun konsa, retire kò w sou yo!


Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se kon sa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont.


Yo va rete deyò, bann chen yo, moun k ap fè sòsye yo, moun ki imoral yo, asasen yo, moun k ap adore zidòl yo, ansanm ak tout moun ki pran plezi yo nan bay manti.


跟着我们:

广告


广告