Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 8:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Anpil nan moun sa yo ki te gen move lespri sou yo te geri. Move lespri yo te pouse gwo rèl, apre sa yo soti sou moun yo. Anpil moun ki te paralize ak estwopye te geri tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Move lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo sòti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te paralize e bwate te geri.

参见章节 复制




Travay 8:7
16 交叉引用  

Jezi rele douz disip yo, li ba yo otorite sou tout move lespri, pou yo chase demon epi geri tout kalite maladi.


Avèg yo wè. Kokobe yo mache. Moun ki gen lèp jwenn gerizon. Moun soud tande. Moun mouri resisite. Pòv yo tande mesaj Bòn Nouvèl la.


Tout peyi Siri te tande pale de Jezi. Konsa, moun yo te mennen bay Jezi tout moun ki t ap soufri ak tout kalite maladi. Genyen se demon ki te sou yo, gen lòt ki te soufri ak malkadi, te gen kèk ki paralize. Jezi te geri tout.


Movèzespri a pouse yon kri, li frape jèn gason an atè ankò, epi li sòti. Jèn gason an rete atè a tankou yon moun ki mouri, se sa ki fè anpil moun t ap di: “li mouri.”


Lè swasanndouz (72) disip yo retounen soti nan vwayaj la, yo te kontan anpil. Yo di: “Senyè, menm move lespri yo soumèt devan nou lè nou sèvi ak non ou pou pase yo lòd.”


An verite, an verite, m ap di nou: Moun ki kwè nan mwen ap fè menm sa m fè yo. Epi l ap fè pi gwo bagay toujou, paske mwen menm m prale kote Papa a,


Anpil anpil moun te vini soti nan tout bouk ozalantou Jerizalèm yo. Yo te mennen anpil malad ansanm ak moun ki te gen move lespri sou yo, yo tout nèt te geri.


Foul moun yo nan Samari te koute tout sa Filip t ap di avèk anpil atansyon. Non sèlman yo te tande li, men yo te wè mirak li t ap fè yo tou.


Bondye kore mesaj la ak tout kalite prèv tou tankou siy ekstrawòdinè, mèvèy, ak tout kalite mirak. Anplis, li bay tout kalite don, selon pwòp volonte l pa mwayen Sentespri a.


跟着我们:

广告


广告