Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 8:40 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

40 Filip menm al parèt nan vil Azòt. Apre Azòt, li pati pou ale Sezare. Filip t ap evanjelize moun sou tout wout la, nan tout vil li te travèse yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

40 Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l pase, li anonse bòn nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

40 Men Philippe te twouve li menm nan Azot. Pandan li t ap travèse, li te kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.

参见章节 复制




Travay 8:40
21 交叉引用  

Te gen yon nonm nan lavil Sezare yo te rele Kònèy. Kònèy te yon kapitèn nan lame Women an. Li te nan tèt yon batayon sòlda, moun peyi Itali.


Nan demen ankò, mesye yo rive Sezare. Kònèy menm t ap tann yo. Li te gentan rasanble tout fanmi l ansanm ak kèk zanmi li tou.


Epi se kon sa vin gen twa mesye ki kanpe devan pòt kay kote m te fè ladesant lan. Yo te voye yo soti Sezare vin chache m.


Ewòd fè chache Pyè toupatou, men yo pa t jwenn li. Li fè poze gad yo kesyon, epi l pase lòd pou yo touye yo. Apre sa, Ewòd kite Jide, l al viv nan lavil Sezare pandan kèk tan.


Lè l rive Sezare, Pòl monte al vizite legliz la, apre sa, li desann Antyòch.


Kèk nan kwayan Sezare yo te monte Jerizalèm avèk nou tou. Kwayan sa yo mennen nou fè ladesant kay yon sèten Nason, yon moun lavil Chip, ki te yon disip depi lontan.


Nan demen, nou kite Tolemayis, n ale nan vil Sezare. Lè nou rive Sezare, n al lakay Filip epi nou fè ladesant lakay li. Filip se te yon evanjelis; anplis, li te youn nan sèt mesye yo te chwazi pou sèvi kòm dyak nan legliz Jerizalèm nan.


Kòmandan an rele de (2) ofisye lame a epi li di yo: “Prepare 200 sòlda, 70 kavalye ansanm ak 200 gèrye ame ak lans pou yo pati pou lavil Sezare aswè a menm a nevè diswa.


Lè kavalye yo rive Sezare, yo remèt lèt la bay gouvènè Feliks epi yo prezante Pòl ba li.


Twa jou apre Festis fin monte nan pòs gouvènè a, li fè yon vwayaj soti Sezare pou ale Jerizalèm.


Kèk jou apre sa, wa Agripa rive Sezare ansanm ak Berenis, sè li, yo te vin vizite Festis.


Men, Festis reponn yo: “Pòl deja nan prizon Sezare, l ap rete la. Mwen menm, m gen pou m desann Sezare byento.


Apre sa, Festis pase uit a dis jou ankò nan Jerizalèm epi l desann Sezare. Nan landmen, Festis al chita nan tribinal la epi li mande sòlda yo pou yo mennen Pòl devan li.


Apre sa, de apot yo rann temwanyaj konsènan Senyè a. Yo pale ak pèp la sou sa Bib la di. Fini yo fin i, yo tounen Jerizalèm. Sou tout wout la, yo preche Bòn Nouvèl la nan anpil vil nan tèritwa Samariten yo.


Lè disip yo tande koze konplo pou touye Sòl la, yo mennen Sòl Sezare. Pandan l Sezare, yo voye l ale lavil Tas.


ak zèv puisans li. Soti Jerizalèm, rive nan rejyon Iliri, mwen preche Levanjil Kris la nèt.


跟着我们:

广告


广告