Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 8:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Apot yo nan Jerizalèm te aprann moun Samari yo te aksepte Bòn Nouvèl la. Konsa, yo voye Pyè ak Jan al vizite yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Alò, lè apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye Pierre avèk Jean bay yo.

参见章节 复制




Travay 8:14
15 交叉引用  

Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la epi ki konprann mesaj la. Yo pwodui yon rekòlt 100, 60, epi 30 fwa plis pase sa ki te simen an.”


Jezi chwazi Pyè ak Jan, li di yo konsa: “Al prepare manje fèt Pak lan pou nou pou n manje.”


Yon moun ki rejte m epi ki pa fè ka pawòl mwen, li gentan gen jij li: Pawòl mwen yo, se yo k ap jije li nan dènye jou a.


Apot yo ansanm ak kwayan nan Jide yo te pran nouvèl jan moun ki pa Jwif yo te aksepte Bòn Nouvèl Bondye a.


Lè mesye yo rive Jerizalèm, ni apot yo, ni lidè yo ansanm ak tout legliz la nèt te byen resevwa yo. Apre sa, Pòl ak Banabas ansanm ak lòt frè yo, rakonte tout sa Bondye te pèmèt yo fè.


Moun Bere yo te gen pi bon dispozisyon pase moun Tesalonik yo. Yo te byen kontan tande mesaj Pòl te anonse yo a. Yo te pran tan pou etidye Bib la chak jou, pou yo te ka verifye si mesaj yo te tande a se te verite a toutbon vre.


Konsa, tout moun nan foul la ki te aksepte mesaj Pyè a te resevwa batèm. Nan jou menm sa a, te gen twa mil (3,000) moun ki te vin ajoute sou gwoup kwayan ki te la yo.


Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn. Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm.


Alò, tout moun rekonèt Jak, Pyè ak Jan kòm gwo lidè nan legliz Jerizalèm nan. Lè mesye sa yo wè favè Bondye te fè m, yo bay Banabas avèk mwen lanmen asosyasyon pou montre se ansanm n ap travay. Yo montre nou yo dakò pou n kontinye travay ak moun ki pa Juif yo, alòske, yo menm, y ap travay ak Juif yo.


Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li.


Nou te voye Timote, frè nou, k ap travay ak Bondye nan travay predikasyon Bòn Nouvèl Jezikris la, pou l te ka fòtifye w epi ankouraje w nan lafwa.


Li gen pou li sèvi ak tout kalite mechanste ki genyen pou li twonpe moun ki sou wout pèdisyon yo. Yo pèdi paske yo refize renmen verite a pou yo ka sove.


跟着我们:

广告


广告