Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 7:51 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

51 Apre sa, Etyèn di lidè yo konsa: “Nou pa manke gen tèt di. Nou fèmen kè nou. Nou bouche zòrèy nou lè Bondye ap pale ak nou. Nou pa janm sispann kenbe tèt ak Sentespri Bondye a. Menm jan zansèt nou yo te ye a, se kon sa nou ye tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

51 — Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

51 “Nou menm, ki se moun kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo.

参见章节 复制




Travay 7:51
38 交叉引用  

Mesye yo pa t gen agiman pou kenbe tèt ak Etyèn, paske se Sentespri a ki te ba l sajès pou l di sa l t ap di yo.


Men, sa k t ap maltrete izrayelit parèy li a te pouse Moyiz sou kote. Epi li di Moyiz konsa: Ki lès ki mete w chèf sou nou pou pase nou lòd epi pou jije nou?


Se menm Moyiz sa a pèp la te rejte lè yo te di: Ki lès ki mete w chèf pou gouvène nou epi pou jije nou? Se menm li menm nan Bondye voye pou l yon chèf sou yo ak yon sovè pou yo tou, avèk konkou anj ki te parèt devan li nan touf bwa a.


Men zansèt nou yo te refize obeyi Moyiz. Okontrè, yo te rejte otorite l. Sèl sa k te nan tèt yo, se pou yo ta tounen tounen yo nan peyi Lejip.


Yon gwo jalouzi te vin pete pami douz zansèt nou yo kont Jozèf, pwòp frè yo. Konsa, yo vann li pou l al esklav nan peyi Lejip. Men Bondye pa t lage Jozèf. Li te toujou ansanm avè l.


Si w te fè sa Lalwa mande, sikonsizyon w lan ta gen sans. Men si ou vyole Lalwa, se kòm si w pa t janm sikonsi.


Epi tou, pa fè Sentespri Bondye a tris. Bondye ban nou Sentespri li tankou yon prèv se pou li nou ye vre epi tankou prèv tou l ap kenbe nou an sekirite jouktan jou delivrans lan rive.


Paske lè nou byen gade epi lè nou byen reflechi, nan yon sans espirityèl se nou menm ki sikonsi, nou menm k ap adore Bondye selon Sentespri a. Nou pa mete konfyans nou ni nan tèt nou ni nan sa nou fè, men nou ka santi n fyè dèske se nan Jezikris nou mete konfyans nou.


Lè nou te vin jwenn Kris, nou te sikonsi yon fason ki pa menm ak fason yo sikonsi moun ak men. Sa vle di, nou te pran pa nan lanmò Kris la. Yo te maltrete kò li epi nou te vin menm jan avè l, nou te sikonsi menm jan li te sikonsi a.


跟着我们:

广告


广告