Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 6:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Lè Jwif yo wè yo pa t ka gen rezon sou Etyèn, yo peye kèk moun anba anba pou y al fè fo temwanyaj kont Etyèn, pou y al di: “Nou tande l ap pale Moyiz ak Bondye mal!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Lè yo wè sa, yo peye kèk moun pou di: — Nou tande l ap pale mal sou Moyiz ak sou Bondye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Alò, an sekrè yo te fè moun yo di: “Nou tande li pale pawòl blasfèm kont Moïse ak kont Bondye”.

参见章节 复制




Travay 6:11
28 交叉引用  

Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz, men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris.


Yo va aji kon sa paske yo pa konnen ni mwen ni Papa m.


Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz, men nonm sa a, nou pa konn kote l soti.


Paske depi lontan gen moun k ap anseye lalwa Moyiz la nan tout vil yo. Chak jou saba, yo li lalwa a nan sinagòg yo.”


Men, kòm Jwif yo te kont sa Pòl t ap anseye a, yo tonbe manke l dega. Konsa, Pòl souke pousyè nan rad li epi li di yo: “Se pou san nou retonbe sou pwòp kò nou. Mwen menm, mwen gentan fè tout sa k te depann de mwen. Apati de jodi a, se moun ki pa Jwif yo sèlman m apral preche.”


Yo tonbe rele byen fò: “Moun ras Izrayèl yo, vin ban nou konkou! Men nonm k ap pwonmennen anseye yon pakèt bagay kont pèp nou an, kont lalwa Moyiz la ak kont Tanp nou an tou. Kounye a men l mennen Grèk, moun ki pa Jwif vin antre nan Tanp lan pou fè yo pwofane espas sakre sa a.”


Yo mande Festis pou l fè yo yon favè, pou l voye Pòl tounen Jerizalèm. Yo te mande sa, paske yo te gen plan pou touye Pòl depi nan wout.


Lè Pòl parèt nan tribinal la, kolonn Jwif ki te soti Jerizalèm yo te antoure l. Yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pa t ka bay okenn prèv.


M te konn mache nan tout sinagòg yo pou chache pini yo. M te konn fè tout sa m kapab pou m fè kwayan yo modi non Kris la. M te tèlman ankòlè kont moun sa yo, m te konn vwayaje al nan lòt vil yo al pouswiv yo pou pini yo.


Mesye yo pa t gen agiman pou kenbe tèt ak Etyèn, paske se Sentespri a ki te ba l sajès pou l di sa l t ap di yo.


Konsa, Jwif yo resi monte tèt ni pèp la, ni chèf fanmi yo, ni doktè lalwa kont Etyèn. Yo vin fache kont li. Y al kote Etyèn te ye a, yo poze lapat sou li epi yo mennen l vin devan Gran Konsèy la.


Yo mennen fo temwen tou ki vin di: “Nonm sa a pa sispann pale Tanp sa ki apa pou Bondye a ak lalwa nou an mal.


Epi, poukisa n pa di: “Ann fè sa ki mal pou sa ki byen ka rive?” Anpil moun ap pale nou mal, y ap di se sa n ap anseye. Moun sa yo antò, yo ta byen merite kondane pou sa.


Poutan, anvan sa, mwen te fè l anpil mal, mwen te pèsekite moun pa l yo, mwen te yon nonm ògeye epi vyolan. Men Bondye fè m gras, mwen t ap aji nan inyorans, se te anvan m te kwè nan Jezi.


跟着我们:

广告


广告