Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 6:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Mesye yo pa t gen agiman pou kenbe tèt ak Etyèn, paske se Sentespri a ki te ba l sajès pou l di sa l t ap di yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Men, yo pat kapab kenbe tèt avèk li: Etyèn t'ap pale avèk bon konprann Sentespri te ba li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a.

参见章节 复制




Travay 6:10
18 交叉引用  

Li pral mache kòm avangad devan Senyè a, pou l prepare kè yo pou resevwa Senyè a. L ap gen menm lespri ak pwofèt Eli. L ap ede paran yo fè lapè ak pitit yo. L ap ede moun ki dezobeyisan yo mennen yon vi konfòm ak volonte Bondye poutèt jan yo panse. L ap fè tout bagay sa yo pou l ka prepare kè moun yo pou yo rankontre Senyè a.


Paske m ap ban nou sajès pou nou pale. M ap mete pawòl nan bouch nou ki pou konfonn lènmi nou yo.


Polis tanp lan te reponn: “Nou pa janm tande moun pale menm jan ak nonm sa a.”


Men, si sa y ap fè a soti nan Bondye, nou p ap ka kraze li. Fò n fè atansyon pou n pa tonbe nan goumen ak Bondye, paske nou pa ta vle sa. Tout manm konsèy la te dakò ak sa Gamalyèl te di a.”


Lè Jwif yo wè yo pa t ka gen rezon sou Etyèn, yo peye kèk moun anba anba pou y al fè fo temwanyaj kont Etyèn, pou y al di: “Nou tande l ap pale Moyiz ak Bondye mal!”


Malgre sa, te gen yon gwoup moun ki leve kont li. Se yon gwoup moun ki soti nan sinagòg yo te rele sinagòg ansyen esklav yo. Ladan yo, te gen Jwif ki soti lavil Sirèn, sa k soti Aleksandri, sa k soti nan peyi Silisa ak lòt ki soti nan Lazi. Yo tout te tonbe fè diskisyon ak Etyèn.


Apre sa, Etyèn di lidè yo konsa: “Nou pa manke gen tèt di. Nou fèmen kè nou. Nou bouche zòrèy nou lè Bondye ap pale ak nou. Nou pa janm sispann kenbe tèt ak Sentespri Bondye a. Menm jan zansèt nou yo te ye a, se kon sa nou ye tou.


Konsa mesaj mwen te pote a pa t sèvi ak bèl mo sajès, se pito pouvwa Sentespri a ki te bay prèv pou konvenk moun.


跟着我们:

广告


广告