Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 5:34 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

34 Konsa, youn nan manm Konsèy la leve kanpe. Se te yon farizyen yo te rele Gamalyèl. Nonm sa a se te yon pwofesè lalwa tou epi tout pèp la te respekte. Li mande pou yo fè apot yo fè yon ti soti pou yon ti moman pou l ka di sa l gen pou di a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

34 Men, te gen nan mitan yo, Gamalyèl, yon farizyen. Se te yon direktè lalwa pèp la te respekte anpil. Li kanpe nan mitan Gran Konsèy la, li mande fè apot yo soti yon moman.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Alò, yon nonm nan konsèy la ke yo te rele Gamaliel te kanpe, yon pwofesè nan Lalwa ki te gen bon repitasyon pami tout pèp. Li te mande yo mete apot yo deyò pou yon moman.

参见章节 复制




Travay 5:34
14 交叉引用  

Apre twa jou ap chache, yo te jwenn Jezi nan lakou tanp lan ansanm ak direktè Lalwa yo. Li t ap koute sa yo t ap di epi li t ap poze yo anpil kesyon tou.


Yon jou, pandan Jezi t ap anseye pèp la, kèk Farizyen ansanm ak direktè Lalwa ki te la ap koute. Yo te soti nan tout bouk yo nan Galile, nan Jide, ak nan Jerizalèm. Senyè a te bay Jezi puisans pou l geri malad.


Jezi di Nikodèm: “Ou se yon gwo pwofesè nan peyi Izrayèl, epi ou pa konnen bagay sa yo?


“Mwen se yon Jwif, ki te fèt nan lavil Tas, nan peyi Silisi. Men se isit la menm, nan vil sa a mwen grandi. Se elèv Gamalyèl mwen te ye. Se li menm ki te anseye m tout bagay konsènan lalwa zansèt nou yo. M te toujou gen anpil zèl pou sèvi Bondye, menm jan sa ye pou nou menm jodi a.


Konsa, yo kòmande Pyè ak Jan pou yo soti epi Gran Konsèy la menm te toujou reyini ap reflechi ansanm sou kisa pou yo ta fè.


Tande apot yo fin tande sa, yo te fè sa yo te tande a. Depi byen bonè nan maten, apot yo te gentan rive nan Tanp lan epi yo t ap anseye pèp la. Pi gran sakrifikatè a ansanm ak patizan l yo te konvoke yon reyinyon pou Gran Konsèy la ansanm ak lidè ki pi ansyen yo. Yo voye chache apot nan prizon an mennen bay yo.


Lè mesye yo vini ak apot yo, yo mete yo kanpe devan Gran Konsèy la epi pi gran sakrifikatè a te pran poze yo kesyon.


Gamalyèl di konsa: “Mesye frè m yo, fòk nou pran tèt nou byen wi, anvan nou fè sa nou gen entansyon fè ak mesye yo.


跟着我们:

广告


广告