Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 5:19 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Yon anj Bondye vini nan mitan lannuit, li louvri pòt prizon an, li kondui apot yo soti deyò epi li di yo:

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Men, nan mitan lannwit, yon zanj Bondye louvri pòt prizon an, li fè apòt yo sòti. Li di yo:

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Men yon zanj Bondye te ouvri pòt prizon an pandan lannwit, e te fè yo sòti, e te di:

参见章节 复制




Travay 5:19
18 交叉引用  

Men pandan Jozèf t ap reflechi sou sa k pase a, yon anj Senyè a parèt devan l nan yon rèv. Men sa anj lan te di l: “Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou, paske pitit ki nan vant li a, se travay Sentespri a.


Lè Jozèf leve nan dòmi an, li fè sa anj Senyè a te di l la. Li marye ak Mari.


Touswit apre maj yo fin pati, yon anj Senyè a te parèt devan Jozèf nan yon rèv. Zanj lan di li: “Leve! Degaje w pran pitit la ak tout manman l, ale nan peyi Ejip. Ewòd gen entansyon chache ti pitit la pou touye l. Rete nan peyi Ejip jouktan mwen di w lè pou w retounen.”


Apre lanmò Ewòd, yon anj Senyè a parèt devan Jozèf nan yon rèv nan peyi Ejip.


Sanzatann, tè a pran tranble byen fò paske yon anj Senyè a te desann sot nan syèl. Li woule wòch ki te bouche kavo a, epi l chita sou li.


Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou Zakari. Zanj lan te kanpe sou bò dwat lotèl pou boule lansan an.


Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou yo epi laglwa Senyè a, tankou yon gwo limyè, te klere tout kote yo te ye a. Bèje yo te pran tranble, tèlman yo te pè.


Yon apremidi, li te bò twazè konsa, Kònèy fè yon vizyon. Jeklè konsa, li wè yon anj Bondye vin bò kote l epi anj lan di l: “Kònèy!”


Ewòd te dakò pran glwa a pou li, li pa t bay Bondye glwa a. Poutèt sa, yon anj Bondye te fè l tonbe malad. Vè manje l, epi l mouri.


Sanzatann konsa, yon gwo tranblemanntè pase. Li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Tout pòt prizon yo louvri, epi tout chenn prizonye yo kase.


Yèswa, Bondye m ap sèvi a, Bondye pa m nan, li voye yon anj li pale avè m.


Yon anj Bondye di Filip konsa: “Leve! Ale nan direksyon sid, sou wout ki sot Jerizalèm pou desann Gaza a. Wout sa a travèse yon zòn ki dezè nèt.”


跟着我们:

广告


广告