Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 5:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Anpil anpil moun te vini soti nan tout bouk ozalantou Jerizalèm yo. Yo te mennen anpil malad ansanm ak moun ki te gen move lespri sou yo, yo tout nèt te geri.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Moun te sòti nan tout ti bouk ki nan vwazinay Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Te vini osi foul ki te sòti nan vil ki te antoure Jérusalem yo, ki t ap pote moun malad, ak sila ki te twouble pa move Lespri yo, e yo tout te geri.

参见章节 复制




Travay 5:16
16 交叉引用  

Lè Ewòd reyalize maj yo te fè l yon move kou, se pa ti fache l te fache. Li pase lòd pou yo touye tout ti gason soti nan zewo pou rive dezan nan Bètleyèm ak nan tout zòn ozalantou l yo. Ewòd te aji dapre kalkil li te fè selon sa l te aprann nan bouch maj yo konsènan lè zetwal la te parèt la.


Tout peyi Siri te tande pale de Jezi. Konsa, moun yo te mennen bay Jezi tout moun ki t ap soufri ak tout kalite maladi. Genyen se demon ki te sou yo, gen lòt ki te soufri ak malkadi, te gen kèk ki paralize. Jezi te geri tout.


Nan aswè, yo mennen bay Jezi yon pakèt moun ki te gen demon sou yo. Jezi pase move lespri yo lòd epi l chase yo. Li geri tout malad yo te mennen ba li yo.


Yon jou, pandan Jezi t ap anseye pèp la, kèk Farizyen ansanm ak direktè Lalwa ki te la ap koute. Yo te soti nan tout bouk yo nan Galile, nan Jide, ak nan Jerizalèm. Senyè a te bay Jezi puisans pou l geri malad.


Yo te vin pou tande li epi pou yo te jwenn gerizon pou maladi yo. Sa yo ki te gen move denmon ap twouble yo te jwenn gerizon tou.


Lè foul moun yo reyalize sa k pase a, yo pouswiv Jezi. Lè yo rive, li resevwa yo. Li tonbe preche yo konsènan wayòm Bondye a epi li geri tout sa yo ki te malad.


An verite, an verite, m ap di nou: Moun ki kwè nan mwen ap fè menm sa m fè yo. Epi l ap fè pi gwo bagay toujou, paske mwen menm m prale kote Papa a,


Lonje men w pou fè moun malad geri, fè mirak ak anpil lòt bèl bagay rive pa mwayen pouvwa Jezi, sèvitè w la ki te viv apa pou ou a.”


Pèp la te vin tonbe nan bwote moun malad vin mete kouche bò lari a, sou kabann oswa sou nat, yon fason pou lè Pyè vin ap pase, menm lonbray Pyè ta pase sou kèk nan yo.


Lè pi gran sakrifikatè a ansanm ak kolonn patizan l yo, nou vle pale de Sadiseyen yo, wè sa apot yo t ap fè yo, yo vin gen yon sèl jalouzi ki monte yo.


Menm Sentespri a bay yon moun don lafwa. Li bay yon lòt moun plizyè don pou geri anpil kalite maladi.


Poutèt sa, se pou n konfese peche nou youn ak lòt, epi pou n priye youn pou lòt, pou Bondye kapab geri nou. Lè yon moun ki dwat devan Bondye priye, priyè sa a gen anpil puisans.


跟着我们:

广告


广告