Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 4:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Yo mete Pyè ak Jan kanpe nan mitan epi yo tonbe poze yo kesyon. Yo mande yo pou yo di ak ki pouvwa osinon nan non ki lès yo geri nonm kite paralize a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Yo fè mennen apòt yo devan yo, epi yo mande yo: — Kote n pran pouvwa pou fè bagay sa a? Ki moun ki ban nou dwa fè sa?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”

参见章节 复制




Travay 4:7
12 交叉引用  

Lè Jezi antre nan lakou tanp la epi l kòmanse anseye, chèf prèt yo avèk lidè ki t ap dirije pèp la te pwoche bò kote li. Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?”


Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?”


Jwif yo te reponn li konsa: “Fè yon mirak kòm yon siy ki soti nan Bondye. Ban nou prèv ou gen dwa fè bagay sa yo.”


Eskrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm yo te kenbe nan adiltè bay Jezi. Yo fòse fanm nan kanpe devan tout moun.


Lè yo tande sa, yo tonbe glise kò yo youn apre lòt, Kòmanse sou sa k te pi granmoun nan jouktan Jezi te rete poukont li ak fanm nan kanpe nan menm plas la.


Enben se pou nou tout ki la a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la, se pou nou konnen se nan non Jezikris, nonm Nazarèt, la li geri. Nou te klouwe l sou kwa a, men Bondye fè l leve soti vivan nan lanmò. Se poutèt pouvwa Jezikris nonm sa a kanpe an sante devan nou jodi a.


Nan moun ki te la yo, te gen Àn, chèf prèt la, te gen Kayif, Jan, Aleksann, ansanm ak yon bann lòt moun ankò ki nan branch fanmi chèf prèt la.


Lè sa a, Pyè te vin twouve l anba kontwòl Sentespri a epi li di yo: “Nou menm chèf yo ansanm ak lidè pami pèp Izrayèl la.


Konsa, yo fè apot yo retounen antre. Yo fè ba t yo byen bat. Yo fè presyon sou yo pou yo pa kontinye pale nan non Jezi. Apre sa, yo lage yo.


跟着我们:

广告


广告