Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 4:30 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

30 Lonje men w pou fè moun malad geri, fè mirak ak anpil lòt bèl bagay rive pa mwayen pouvwa Jezi, sèvitè w la ki te viv apa pou ou a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

30 Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”

参见章节 复制




Travay 4:30
19 交叉引用  

Alò, Jezi di li: “Nou menm, tout tan nou pa wè gwo mirak ak mèvèy nou p ap janm kwè.”


Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen.


Bondye te pèmèt apot yo fè anpil mirak ak anpil bèl bagay devan je moun yo, sa te fè moun yo vin gen anpil respè pou Bondye.


Se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo ki glorifye Jezi, sèvitè l la. Se menm Jezi sa a nou te lage nan men otorite yo, se li menm nou te nye devan Pilat la, malgre Pilat te dispoze lage l.


Se lafwa nan Jezi ki fè nonm sa a nou wè la a, nonm nou tout konnen ki te paralize a, jwenn gerizon. Se lafwa nan Jezi ki fè l geri nèt kon sa a epi l ap mache devan je nou tout.


Konsa, Pyè di li: “Mwen pa gen ni lajan ni lò pou m ba ou, men sa m genyen an, se li m ap ba ou. Nan non Jezikris, moun Nazarèt la, leve w mache.”


Enben se pou nou tout ki la a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la, se pou nou konnen se nan non Jezikris, nonm Nazarèt, la li geri. Nou te klouwe l sou kwa a, men Bondye fè l leve soti vivan nan lanmò. Se poutèt pouvwa Jezikris nonm sa a kanpe an sante devan nou jodi a.


Se egzateman sa ki te rive nan vil sa a menm, lè Ewòd te reyini ansanm ak Pons Pilat ansanm ak moun lòt nasyon yo ak pèp Izrayèl la kont Jezi, sèvitè w la ou te chwazi epi ki te mache dwat devan w lan.


Apot yo t ap fè anpil mirak ak anpil gwo mèvèy pami pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba yon galeri nan tanp lan yo rele galeri Salomon epi yo tout te gen menm objektif nan travay la.


Bondye te beni Etyèn anpil. Bondye te ba li anpil puisans, konsa, li t ap fè anpil bèl bagay ak anpil mirak nan mitan pèp la.


跟着我们:

广告


广告