Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 4:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Malgre sa, lidè Jwif yo bay Pyè ak Jan kèk presyon toujou epi yo lage yo. Yo pa t ka jwenn okazyon pou pini mesye yo poutèt pèp la. Se tout pèp la ki t ap fè lwanj pou Bondye poutèt gwo mirak mesye yo te fè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Manm Gran Konsèy yo fè yo menas ankò. Apre sa, yo lage yo. Yo pa te kapab fè anyen paske, pou sa ki te rive a, tout pèp la t'ap di: Beniswa Letènèl!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap bay Bondye glwa pou sa ki te rive a.

参见章节 复制




Travay 4:21
18 交叉引用  

Moun ki te la yo te sezi anpil lè yo wè bèbè yo pale, enfim yo geri, bwate yo ap mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè louanj Bondye pèp Izrayèl la.


Konsa yo t ap chache wè kijan pou yo mete men sou li. Men yo te pè reyaksyon foul la ki te rekonèt Jezi kon yon pwofèt.


Men yo antann yo pou yo pa fè l pandan fèt Pak la paske yo pa t vle pèp la leve kont yo.


Apre Jezi fin chase demon an, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa a epi yo t ap di: “Se premye fwa nou wè yon bagay kon sa nan Izrayèl.”


Moun ki te la yo te pè anpil, men yo glorifye non Bondye tou paske li bay yon nonm kalite pouvwa sa a.


Lè Jezi te bay repons sa a, tout moun ki t ap kritike l yo te wont. Foul la menm te kontan anpil pou tout bèl mèvèy Jezi t ap fè yo.


Lè chèf prèt yo ansanm ak Skrib tande Jezi rakonte istwa a, yo te konprann trè byen se de yo Jezi t ap pale. Konsa, yo t ap chache arete li menm kote a, men yo te pè reyaksyon pèp la.


Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, tout pèp la ap lapide nou ak kout wòch, paske yo tout kwè Janbatis te yon pwofèt Bondye.”


Chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te vle touye Jezi. Yo pa t sispann chache yon okazyon pou fè san sekrè, paske yo te pè reyaksyon foul la.


Tout moun te sezi epi yo t ap bay Bondye glwa. Yo te vin pè anpil epi yo t ap di: “Jodi a, nou wè gwo mèvèy yon moun pa t ap janm vle kwè.”


Men, pou nou ka anpeche bagay la kontinye gaye, nou ka fè presyon sou yo pou yo pa kontinye pale nan non nonm sa a ak pèsonn moun ankò.”


Nonm ki te geri pa mwayen mirak apot yo te fè a te gen plis pase karant (40) an.


Nan lè sa a, pèsonn nan rès pèp la pa t vle mele ak apot yo, apa moun ki te kwè yo. Epoutan, se tout pèp la nèt ki t ap pale byen de yo.


Kòmandan lagad la ansanm ak mesye l yo soti al chache apot yo, yo pa t fè vyolans sou yo, paske yo te pè pou pèp la pa t kalonnen yo ak kout wòch.


Konsa, yo fè apot yo retounen antre. Yo fè ba t yo byen bat. Yo fè presyon sou yo pou yo pa kontinye pale nan non Jezi. Apre sa, yo lage yo.


跟着我们:

广告


广告