Travay 4:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil2 Lidè sa yo te fache anpil dèske Pyè ak Jan t ap anseye pèp la, dèske yo t ap pale pèp la de Jezi epi fè yo konnen moun mouri kapab leve vivan ankò menm jan ak Jezi. 参见章节1998 Haïtienne2 Yo te fache anpil dèske apòt yo t'ap moutre pèp la anpil bagay, dèske yo t'ap anonse yo moun mouri kapab leve menm jan Jezi te leve sòti vivan nan lanmò. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen2 Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo. 参见章节 |
Pandan l te sou plas la, gen kèk filozòf ki te patizan lide Epiki yo ansanm ak kèk lòt ki te rele tèt yo Estoyisyen, yo te patizan lide Zenon yo, filozòf sa yo te kòmanse diskite ak Pòl. Gen nan yo ki di: “Nonm sa a pa menm konn sa l ap pale a. Ki sa l ap eseye di menm?” Pòl t ap anonse yo Bòn Nouvèl la konsènan Jezikris la epi li t ap pale yo sou jan moun ki mouri yo gen pou resisite. Lè sa a, yo di: “Li genlè ap eseye pale nou de kèk lòt dye etranje!”