Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 4:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Lidè Jwif yo pa t jwenn anyen pou reponn Pyè ak Jan sou sa yo te di yo, paske yo te wè nonm ki te geri a kanpe la, bò kote yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Men, yo pat jwenn anyen pou reponn yo paske nonm ki te geri a te kanpe la devan je yo bò kote Pyè ak Jan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Epi lè yo te wè mesye ki te geri a te kanpe la avèk yo, yo pa t gen repons pou bay.

参见章节 复制




Travay 4:14
7 交叉引用  

Pa gen pèsonn ki ka di se pa vre. Enben, se pou n pran tèt nou. Pa gen rezon la pou n ap fè anyen nan tèt cho.


Enben se pou nou tout ki la a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la, se pou nou konnen se nan non Jezikris, nonm Nazarèt, la li geri. Nou te klouwe l sou kwa a, men Bondye fè l leve soti vivan nan lanmò. Se poutèt pouvwa Jezikris nonm sa a kanpe an sante devan nou jodi a.


Chèf Jwif yo pa t manke sezi lè yo te wè kijan Pyè ak Jan t ap pale avèk konviksyon, sitou lè yo vin reyalize mesye sa yo se pa moun ki te gen gwo enstriksyon ni okenn fòmasyon espesyal. Amplis, yo te vin reyalize Pyè ak Jan te ansanm avèk Jezi.


Konsa, yo kòmande Pyè ak Jan pou yo soti epi Gran Konsèy la menm te toujou reyini ap reflechi ansanm sou kisa pou yo ta fè.


Yo t ap di: “Ki sa pou nou fè ak mesye sa yo menm? Paske li klè pou tout moun k ap viv nan Jerizalèm se yo menm ki te fè gwo mirak sa a. Sa k pi rèd la, nou pa ka di se pa vre.


Malgre sa, lidè Jwif yo bay Pyè ak Jan kèk presyon toujou epi yo lage yo. Yo pa t ka jwenn okazyon pou pini mesye yo poutèt pèp la. Se tout pèp la ki t ap fè lwanj pou Bondye poutèt gwo mirak mesye yo te fè a.


跟着我们:

广告


广告