Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 4:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Chèf Jwif yo pa t manke sezi lè yo te wè kijan Pyè ak Jan t ap pale avèk konviksyon, sitou lè yo vin reyalize mesye sa yo se pa moun ki te gen gwo enstriksyon ni okenn fòmasyon espesyal. Amplis, yo te vin reyalize Pyè ak Jan te ansanm avèk Jezi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Manm Gran Konsèy yo te sezi anpil lè yo wè ki jan Pyè ak Jan te gen konviksyon nan sa yo t'ap di, paske yo te vin konnen mesye sa yo se moun ki sòti nan mas pèp la, ki pat resevwa okenn enstriksyon. Chèf yo te rekonèt yo tou pou moun ki te toujou avèk Jezi.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Alò, lè yo te wè konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo.

参见章节 复制




Travay 4:13
22 交叉引用  

Apre sa Jezi leve vwa li, li di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante anyen.


Apre sa li deplase, l ale bò baryè pou antre nan lakou Granprèt la. Yon lòt sèvant di moun ki te la yo: “Nonm sa a te avèk Jezi, moun Nazarèt la.”


Yon ti tan apre, moun ki te kanpe toupre Pyè yo pwoche bò kote l, yo di l: “Nan jan w pale a, nou sèten ou se youn ladan yo.”


Jezi chwazi Pyè ak Jan, li di yo konsa: “Al prepare manje fèt Pak lan pou nou pou n manje.”


Lè Jezi wè manman l bò kote disip li te renmen anpil la, li di manman l: “Madam, men pitit ou.”


Lidè Jwif yo te sezi epi yo di: “Kòman nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa te janm etidye menm jan ak nou!”


Sèl moun ki kwè nan li se foul la, ki se yon bann moun modi, paske yo pa konnen anyen nan Lalwa a!”


Lidè Jwif yo pa t jwenn anyen pou reponn Pyè ak Jan sou sa yo te di yo, paske yo te wè nonm ki te geri a kanpe la, bò kote yo.


Men, Pyè ak Jan reponn Gran Konsèy la, yo di yo: “Ki sa nou panse Bondye ta vle, pou n obeyi nou osinon pou n obeyi Bondye?


Kounye a Senyè, gade kijan y ap fè nou menas pou anpeche nou pale. Ede sèvitè w yo pou yo ka pwoklame mesaj ou a avèk konviksyon.


Apre kwayan yo te fin priye Bondye konsa, kote yo te rasanble a te pran tranble. Tout moun ki te la, san manke youn, te vin ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe preche mesaj Bondye a san pè anyen.


Men, Banabas limenm, li te aksepte Sòl epi li mennen l bay apot yo. Banabas rakonte yo kijan Sòl te wè Senyè a sou wout Damas la epi kijan Senyè a te pale ak Sòl. Anplis, li di yo kijan Sòl te preche Bòn Nouvèl Kris la nan lavil Damas avèk anpil konviksyon.


Konsa, Sòl rete avèk disip yo. Li t ap fè ale vini ak yo nan tout Jerizalèm ap preche nan non Kris la avèk anpil konviksyon.


Okontrè, Bondye chwazi sa ki sanble san sans nan je lèzòm pou l fè moun saj yo wont. Li chwazi sa ki fèb pou l fè moun ki gen pouvwa yo wont.


Bagay ki kache nan fon kè yo ap vin parèt aklè. Lè sa y ap mete ajenou, y ap bese tèt yo epi y ap adore Bondye. Lè sa a yo va di: “Vrèman vre, prezans Bondye pami nou.”


Konsa, poutèt esperans nou genyen an sèten, nou pale avèk anpil asirans.


跟着我们:

广告


广告