Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 3:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Mesaj sa yo Bondye te fè pwofèt li yo anonse, se pou nou menm moun Izrayèl yo ye, epi tou nou gen pòsyon pa nou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Men sa Bondye te di Abraram: Akoz pitit ou yo, tout fanmi sou latè va jwenn benediksyon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Pwomès Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l te di Abraram: Gremesi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 “Se nou menm ki se fis a pwofèt yo, ak akò ke Bondye te fè avèk zansèt nou yo, lè yo te di Abraham: ‘Nan posterite ou, tout fanmi sou latè yo va beni’.

参见章节 复制




Travay 3:25
30 交叉引用  

Li te di li t ap manifeste konpasyon li anvè gran paran nou yo, epi li t ap toujou sonje alyans san defo li te fè ak yo a.


Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou.


Pwomès la se pou nou, se pou pitit nou yo, se pou tout moun ki byen lwen, tout kantite moun Senyè a, Bondye nou an ta rele vin jwenn li.”


M di nou Kris te vini kòm sèvitè pou Jwif yo pou montre kijan Bondye fidèl. Li fè sa, pou l te ka akonpli pwomès Bondye te fè zansèt Jwif yo.


Abraram ak desandan li yo te jwenn pwomès pou yo posede lemonn antye. Men Abraram pa t jwenn pwomès sa a paske l t ap swiv Lalwa. Li te jwenn pwomès sa a, paske l te jis devan Bondye poutèt lafwa li.


Se menm jan an tou, Bondye te fè pwomès li yo pou Abraram ak pou desandan li a. Gade byen, li pa di “pou desandan l yo”. Si se te sa, li ta vle di plis pase yon sèl moun. Kòm l ap pale de yon sèl moun, li di: “ak pou desandan li a”, sa vle di Kris.


Poutèt nou se moun pa Kris, nou se desandans Abraram. Nou se eritye dapre pwomès la.


Depi lontan, Bib la te gentan di Bondye t apral deklare moun ki pa Juif yo dwat devan l poutèt lafwa yo. Se poutèt sa, Bondye te gentan anonse Abraram bòn nouvèl sa a. Li di l: “Tout nasyon ki sou latè ap jwenn benediksyon pa mwen ou menm.”


Apre sa, m wè yon lòt anj ki t ap vole byen wo nan syèl la. Anj lan te gen pou l te bay moun k ap viv sou latè yo yon Bòn Nouvèl ki va dire pou tout tan, pou tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp.


Yo t ap chante yon nouvo chan: “Ou diy pou w pran woulo liv la epi pou kase sele yo, paske ou te mouri an sakrifis, epi ak san ou, ou te achte pou Bondye moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.


Apre sa, m gade ankò, m wè se te yon gwo foul moun. Yo te si tèlman anpil pèsòn pa t ka konte yo tout. Se te moun ki te soti nan tout nasyon, tout ras fanmi, tout pèp ak tout kalite lang. Yo te la devan twòn nan ak devan Ti Mouton an, yo te abiye ak wòb blan ak branch bwa nan men yo.


跟着我们:

广告


广告