Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 3:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Nou te rejte Jezi, moun Bondye te chwazi a epi ki te mennen bak li byen devan Bondye. Nou te pito mande Pilat pou l lage yon kriminèl ban nou olye pou l ta lage Jezi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Jezi se moun Bondye te chwazi a, li te mache dwat devan Bondye, men nou voye l jete, nou te pito mande Pilat pou l te lage yon ansasen ban nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 “Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te mande yo livre bannou yon asasen,

参见章节 复制




Travay 3:14
22 交叉引用  

Men, chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo, te gen tan jwe nan tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas epi kondane Jezi.


“Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!”


Men chèf prèt te pouse foul la mande lage Barabas ba yo pito.


Te gen yon nonm yo te rele Barabas ki te nan prizon ak yon gwoup rebèl ki te touye yon moun nan yon soulèvman.


Zanj lan reponn li: “Sentespri a pral vini sou ou, epi pouvwa Bondye ki pi wo nan syèl la pral kouvri w. Se poutèt sa, pitit ou pral fè a ap sen. Y ap rele l Pitit Bondye.


Jan yo te mande l la, Pilat lage Barabas ki te nan prizon poutèt li te pwovoke yon dezòd epi touye moun, apre sa, li livre Jezi ba yo pou yo fè sa yo vle ak li.


L ap montre yo Bondye dakò ak mwen poutèt m pral jwenn Papa a epi nou p ap wè m ankò.


Lè sa a, yo pran kriye konsa: “Pa li menm. Ban nou Barabas!” Barabas la se te yon revolisyonè.


Malgre yo pa t ka jwenn anyen ki pou ta fè Jezi merite lanmò, yo mande Pilat touye l kanmenm.


paske ou p ap kite m nan tonbo a, ou p ap kite kò moun ou chwazi a pouri nan tonbo.


Ananyas di m: Menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a, li te gentan chwazi w depi lontan pou fè w konnen volonte l. Li chwazi w pou l te fè w wè Kris la, sila a ki mache dwat devan l lan epi pou fè w tande pawòl ki soti nan bouch Kris la tou.


Se egzateman sa ki te rive nan vil sa a menm, lè Ewòd te reyini ansanm ak Pons Pilat ansanm ak moun lòt nasyon yo ak pèp Izrayèl la kont Jezi, sèvitè w la ou te chwazi epi ki te mache dwat devan w lan.


Pi gran sakrifikatè a di yo: “Èske nou pa t defann nou pale nan non nonm sa a? Epoutan, gade sa nou fè, nou ranpli tout Jerizalèm ak ansèyman nou yo epi nou vle rann nou menm lidè yo responsab lanmò li.”


Ki lès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo touye tout pwofèt ki te anonse davans kijan Moun ki Jis la t ap vini. Kounye a, nou menm nou leve talon kont pitit Bondye a menm epi nou touye l.


Kris la pa t janm fè peche, men Bondye te fè l vin tounen peche poutèt nou menm. Konsa, kounye a, pa mwayen Kris la, Bondye deklare nou inosan.


Nou kondane epi nou touye yon bann inosan. Yo pa menm goumen ak nou.


Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo. Li menm ki te inosan, li mouri pou koupab yo, pou l mennen yo bay Bondye. Moun yo te touye l, men Sentespri Bondye a te resisite l.


Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche, nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, kon sa l ap defann nou devan Bondye Papa a.


Ekri voye bay anj legliz Filadèlfi a: Men sa moun ki sen an epi ki di verite a voye di w. Li genyen nan men kle wayòm David la. Lè l louvri, pèsòn pa ka fèmen. Lè l fèmen, pèsòn pa ka louvri.


跟着我们:

广告


广告