Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 3:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo ki glorifye Jezi, sèvitè l la. Se menm Jezi sa a nou te lage nan men otorite yo, se li menm nou te nye devan Pilat la, malgre Pilat te dispoze lage l.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Se Bondye Abraram, Izarak ak Jakòb, Bondye zansèt nou yo k'ap fè lwanj sèvitè li, Jezi. Nou menm, nou te lage l nan men otorite yo, nou te voye l jete devan Pilat, atout Pilat li menm te vle lage li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 “Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, Bondye a zansèt nou yo, te bay glwa a sèvitè Li a, Jésus Kri ke nou te livre ak nye nan prezans a Pilate lè li menm te byen deside pou lage L.

参见章节 复制




Travay 3:13
46 交叉引用  

Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.


Apre sa, yo gen pou yo livre l bay payen yo ki gen pou yo pase l nan betiz, pou yo bat li byen bat, epi krisifye l sou yon kwa. Men li gen pou l resisite sou twazyèm jou a.”


Mwen se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.”


Yo mare li, yo kondui li epi yo livre l bay Pilat, gouvènè a.


Jezi pwoche bò kote yo, li di: “Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la tankou sou tè a.


Men chèf prèt te pouse foul la mande lage Barabas ba yo pito.


Men Pyè demanti li. Pyè di: “Non madanm, mwen pa konnen li.”


Apre sa, Pilat di chèf prèt yo ansanm ak foul la: “Mwen pa jwenn okenn fot nan nonm sa a.”


Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Pa kondane moun, kon sa Bondye p ap kondane w non plis. Padone moun, kon sa Bondye a padone w tou.


Nan moman sa a, disip yo pa t konprann sa k t ap pase a. Men lè Jezi te fin retounen al jwenn papa l, yo reyalize bagay sa yo te ekri sou li, epi se sa menm yo te fè pou li.


Lè sa a, yo pran kriye konsa: “Pa li menm. Ban nou Barabas!” Barabas la se te yon revolisyonè.


Jezi reponn li konsa: “Ou pa t ap gen okenn otorite sou mwen, si sa pa t soti nan syèl. Se poutèt sa moun ki kenbe m mennen ba ou a, li komèt yon pi gwo peche.”


Depi lè sa a, Pilat t ap chache wè kijan li ta fè lage Jezi. Men, lidè Jwif yo pran fè bri, yo t ap di: “Si ou lage l, ou pa zanmi Seza! Paske nenpòt moun ki deklare tèt li wa, se yon moun ki deklare l kont Seza.”


Men yo pran rele: “Amò! Amò! Krisifye l!” Pilat reponn: “Èske nou vle m krisifye wa nou an?” Chèf alatèt prèt yo te reponn: “Nou pa gen lòt wa apre Seza!”


Se te de Lespri Bondye a Jezi t ap pale. Moun ki te kwè nan Jezi ta gen pou resevwa Lespri Bondye a nan yon ti kras tan. Men nan lè sa a, yo pa t ko genyen Lespri Bondye, paske Jezi pa t ko monte pou l antre nan glwa li.


Ananyas di m: Menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a, li te gentan chwazi w depi lontan pou fè w konnen volonte l. Li chwazi w pou l te fè w wè Kris la, sila a ki mache dwat devan l lan epi pou fè w tande pawòl ki soti nan bouch Kris la tou.


M ap konfese sa devan w: Se menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a m ap sèvi, antan yon moun k ap swiv Chemen an, sa Jwif sa yo di k pa bon chemen an. Epoutan, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo.


Lè Pyè wè atitid pèp la, li di yo konsa: “Nou menm moun peyi Izrayèl, poukisa nou sezi kon sa a pou sa k pase a? Poukisa n ap gade nou kòmsi se ta nou menm ak pwòp puisans pa nou nou fè nonm nan leve mache, osinon paske nou bon devan je Bondye?


Se kon sa Bondye voye Jezi, sèvitè l la. Li voye l ban nou an premye, pou l beni nou epi pou l fè nou kite move fason nou t ap viv la.”


Se egzateman sa ki te rive nan vil sa a menm, lè Ewòd te reyini ansanm ak Pons Pilat ansanm ak moun lòt nasyon yo ak pèp Izrayèl la kont Jezi, sèvitè w la ou te chwazi epi ki te mache dwat devan w lan.


Lonje men w pou fè moun malad geri, fè mirak ak anpil lòt bèl bagay rive pa mwayen pouvwa Jezi, sèvitè w la ki te viv apa pou ou a.”


Senyè a di: Se mwen menm Bondye zansèt ou yo; Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la. Moyiz te pran tranble, tèlman li te pè. Li pa t menm oze gade touf bwa a ankò.


Yo se desandan zansèt nou yo, epi yo soti nan menm fanmi ak Mesi a, Bondye k ap gouvène tout bagay la. Lwanj pou Bondye pou tout tan! Amèn.


Nou wè Jezi nan yon pozisyon ki pi ba pase zanj yo pou yon ti tan, men kounye a, li kouwòne avèk glwa ak onè paske li te soufri epi li te mouri pou tout moun ka benefisye gras Bondye.


Se mwen menm ki vivan an. Mwen te mouri, men kounye a, mwen vivan pou tout tan epi mwen gen pouvwa sou lanmò, mwen gen pouvwa sou kote mò yo ye a.


ansanm ak Jezikris, temwen fidèl la. Li se premye pami moun ki va resisite yo, li se chèf tout wa sou latè. Jezikris renmen nou epi ak san li, li delivre nou anba pouvwa peche nou yo.


跟着我们:

广告


广告