Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 28:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Lè moun ki t ap viv sou zile a te wè koulèv la kole nan men Pòl, yo di konsa: “Se sèten, nonm sa a se yon nonm ki konn touye moun! Li pa t mouri nan lanmè a, men dye ki konn fè jistis la pa ba l chans pou l viv.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Lè moun zile yo wè sèpan an pandye nan men Pòl, yonn t'ap di lòt: — Gen lè nonm sa a se yon ansasen. Li chape nan nofraj la, epi men jistis Bondye ap pousib li toujou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: “San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.”

参见章节 复制




Travay 28:4
20 交叉引用  

Konsa, n a resevwa chatiman pou tout moun inosan ki mouri sou latè soti sou Abèl, yon nonm ki te inosan, pou rive sou Zakari, pitit Barachi a, nou te asasinen ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a.


Pèp la reponn: “Ou mèt met lanmò a sou do nou menm ak tout pitit nou!”


Jezi reponn, li di yo: “Èske nou panse moun Galile sa yo te fè plis peche pase tout lòt moun nan peyi yo ki fè yo te masakre yo konsa?


E dizuit (18) moun ki te mouri yo lè gwo kay la te tonbe sou yo nan Jerizalèm nan, toupre pisin Siloye a? Nou dwe panse sa te rive paske yo te fè plis peche pase tout lòt moun nan lavil Jerizalèm yo?


Ann sispann jije sou laparans. Ann jije yon fason ki dwat.”


Moun ki te rete la, yo te byen janti avèk nou. Lapli t ap tonbe epi li te fè frèt. Konsa, yo te fè yon gwo dife pou yo te resevwa nou.


Pòl te rasanble yon bann branch bwa chèch pou l met nan dife a. Pandan l ap mete branch bwa yo nan dife a, chalè dife a fè yon koulèv vipè ki te nan branch yo te marande nan men Pòl epi li mòde li.


Men Pòl sekwe koulèv la jete nan dife a epi li pa t gen anyen.


Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”


跟着我们:

广告


广告