Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 27:41 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Men devan bato a al antre nan yon ban sab, yo pa t kapab soti, epi vag lanmè a te vin vyolan, li kraze dèyè bato a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

41 Men, batiman an moute sou yon ban sab nan mitan de kouran, li chwe. Devan batiman an te antre kole nan sab la, dèyè a menm gwo lanm yo t'ap fin kraze li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Men yo te vin frape a yon resif kote de lanmè te rankontre, yo te kouri echwe batimán an; pwent avan bato a te kole rèd, e pa t kapab deplase, men dèyè a te kòmanse kraze an moso akoz gwo vag lanmè a.

参见章节 复制




Travay 27:41
11 交叉引用  

Lè mesye yo te fin mete ti kannòt la anndan bato a, yo mare l epi yo sentire l byen sentire. Mesye yo te pè pou yo pa t al chwe sou bò sab ki nan gòf Libi yo. Poutèt sa, yo jete lank pou fè yo flote epi yo kite van an mennen yo.


Kèk nan maren yo te vle kite bato a. Yo desann kannòt la nan dlo a. Yo t ap fè sa pou fè moun kwè se lòt lank yo t ap jete nan devan bato a.


Poutèt sa, yo detache lank yo voye ale nan lanmè a. Nan menm moman an, yo lage kòd ki te kenbe gouvènay la epi yo mete yon vwal sou devan bato a. Lè sa a, van an pouse yo rive sou plaj la.


Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou yo pa t naje pati chape poul yo.


Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.


跟着我们:

广告


广告