Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 27:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Nou pati kite vil sa a epi nou navige pase toupre zile Chip, paske van an t ap soufle nan yon sans kontrè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Apre nou kite Sidon, nou pase sou bò dwat zile chip, nou lonje lakòt la sou anwo. Paske van an te kontrè pou nou lòt bò a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Soti la nou te monte sou lanmè a pou te pran vwal anba pwoteksyon Chypre akoz van an ki te kontrè.

参见章节 复制




Travay 27:4
10 交叉引用  

Bato disip yo te ladan l lan te gen tan byen lwen nan mitan lak la. Men poutèt yon van kontrè ki t ap soufle vag yo te move anpil epi bato a te nan gwo difikilte.


Li wè disip yo te gen anpil difikilte pou yo mennen bato a, paske van an t ap vante nan sans kontrè. Ant twazè epi sizè nan maten konsa, Jezi mache sou dlo a pou li rive nan bato a. Li kontinye mache jouktan li te prèske depase bato a.


Yon jou, Jezi te monte nan yon bato ansanm ak disip li yo epi li di yo: “Annou travèse sou lòt bò lak la.” Konsa, yo kòmanse navige pou y ale. Etan yo t ap navige, dòmi te pran Jezi.


Sentespri a te voye Banabas ak Sòl. Yo pati ale nan vil Selesi. Pandan yo te Selesi, yo pran batiman pou y al nan zile Chip.


Sa te lakoz yon gwo diskisyon leve ant Pòl ak Banabas. Bagay la te tèlman serye, mesye yo oblije separe. Banabas pati nan direksyon lil Chip ansanm ak Jan Mak.


Kèk nan kwayan Sezare yo te monte Jerizalèm avèk nou tou. Kwayan sa yo mennen nou fè ladesant kay yon sèten Nason, yon moun lavil Chip, ki te yon disip depi lontan.


Nou pase toupre zile Chip. Zile a te sou bò goch nou, nan direksyon nò, men nou pase adwat li san n pa rete. Nou kontinye nan direksyon peyi Siri pito. N al kanpe nan vil Tir, paske batiman an te gen chay pou l debake nan vil sa a.


Nou navige lantman pandan plizyè jou. Se te avèk anpil efò nou te rive sou kòt Nid. Men poutèt van an pa t pèmèt nou ale pi lwen, nou te navige pase nan sid zile Krèt ki toupre ak Salmone.


Youn nan kwayan sa yo te rele Jozèf. Se te yon Jwif nan branch fanmi Levi ki te soti nan yon zile ki rele Chip. Apot yo te ba l ti non Banabas, ki te vle di “Nonm ki renmen ankouraje moun nan”.


跟着我们:

广告


广告