Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Travay 27:12 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Poutèt zòn s a pa t yon zòn kote yo te kapab pase sezon livè a, pi fò nan mesye yo te deside leve lank pou eseye rive nan yon pò yo rele Feniks. Se te yon pò nan zòn Krèt ki te bay sou Sidwès ak Nòdwès. Se la yo te panse pase sezon livè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Pò a pa te bon pou yo te rete pase sezon fredi a tou: se poutèt sa, pifò moun ki te abò a te vle pati. Yo t'ap pran chans rive Feniks, yon lòt pò nan zile Krèt la ki bay sou lanmè nan direksyon sidwès nòdwès. Konsa yo ta ka pase sezon fredi a la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Akoz pò a pa t bon pou pase sezon livè a, majorite a te rive a yon desizyon pou retounen sou lanmè a pou wè si yo ta kab rive Phoenix, yon pò nan Crète, anfas sidwès ak nòdwès pou pase sezon livè a la.

参见章节 复制




Travay 27:12
8 交叉引用  

Pami nou la a, gen moun ki Jwif nan san yo, gen lòt se moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo. Gen moun ki soti Krèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou chak fè tande y ap pale de bèl mèvèy Bondye yo nan pwòp lang nou chak?”


Yon van ki soti nan sid te kòmanse ap soufle toudousman. Lè sa a, mesye yo panse pwojè yo a t ap gen chans reyisi. Yo leve lank epi nou t ap eseye vanse bò kote zile Krèt la.


Mesye yo pa t manje depi byen lontan. Epi yon jou, Pòl kanpe devan mesye epi li di yo: “Mesye m te di nou pa kite zile Krèt la. Nou te dwe koute m. Lè sa a, nou pa t ap nan tout pwoblèm sa yo epi pèdi tout bagay sa yo.


Nou navige lantman pandan plizyè jou. Se te avèk anpil efò nou te rive sou kòt Nid. Men poutèt van an pa t pèmèt nou ale pi lwen, nou te navige pase nan sid zile Krèt ki toupre ak Salmone.


Nou navige toupre kòt la, men sa pa t fasil menm. Nou vin rive yon kote yo rele “Bon Pò yo”, toupre lavil Lize.


Gen youn nan yo menm, pwòp pwofèt yo, moun Krèt, ki di konsa: “Moun Krèt, toujou fò nan bay manti. Yo pa miyò pase bèt mawon mechan. Sèl sa yo konnen, se manje, men yo pa janm vle travay.”


Mwen kite w nan Krèt pou ou fin ranje sa k dwe mete nan lòd. Mwen vle w mete yon gwoup moun ki gen matirite pou dirije legliz ki nan chak vil, dapre jan m te di w, mwen menm:


跟着我们:

广告


广告